FEMA, FCC, VITEMA Planifye Tès Alèt pou Ijan nan U.S. Virgin Islands pou 4 oktòb la

Release Date Release Number
NR-16
Release Date:
Oktòb 2, 2023

Yo pral voye mesaj tès yo sou televizyon, nan radyo ak telefòn selilè

Zile Vyèj Ameriken yo -- FEMA, an kowòdinasyon ak Komisyon Federal Kominikasyon an (FCC), ak Ajans Jesyon Ijans Teritwa Zil Vyèj yo pral fè yon tès nan Zile Vyèj Ameriken yo nan Sistèm Alèt pou Ijans (EAS) ak Alèt pou Ijans Sanfil  (WEA) nan jou 4 oktòb.

Tès la k ap fèt nan teritwa a ak atravè peyi Etazini pral genyen de (2) pati, tès kapasite WEA ak EAS. Toulede tès yo pwograme pou kòmanse apeprè 2:20 p.m. ET nan Mèkredi.

Yo pral dirije pati tès WEA a sou tout telefòn selilè konsomatè yo. Mesaj tès la ap parèt swa an angle oswa an panyòl, tou depan de ki lang ki pwogram sou aparèy mobil la.

Yo pral voye pati EAS tès la nan radyo ak televizyon.

FEMA, FCC ak VITEMA ap kowòdone ak patisipan EAS, founisè san fil, manadjè ijans ak lòt moun ki gen enterè nan preparasyon pou tès sa a pou minimize konfizyon ak maksimize valè sekirite piblik tès la.

Objektif tès 4 oktòb la se pou asire sistèm yo pou toujou kontinye yon mwayen efikas pou avèti piblik la konsènan ijans yo, sitou sa ki sou nivo nasyonal la. Sizoka yo ta ranvwaye tès 4 oktòb la akòz move tan ki gaye toupatou oswa lòt evènman enpòtan, dat bakòp egzamen an se 11 oktòb.

Yo pral kòmanse pati WEA nan tès la lè yo sèvi avèk Sistèm Entegre FEMA pou Alèt Piblik ak Avètisman an (Integrated Public Alert and Warning System (IPAWS)), yon sistèm santralize ki baze sou entènèt FEMA administre ki pèmèt otorite yo voye mesaj ijans ki otantik pou piblik la atravè plizyè rezo kominikasyon. Yo pral administre tès WEA la atravè yon kòd y ap voye sou telefòn selilè yo.

Ane sa a, mesaj EAS a pral pwopaje kòm yon mesaj Pwotokòl Alèt Komen (CAP) atravè Sistèm Platfòm Entegre FEMA pou Alèt Piblik ak Avètisman ki Louvri pou Rezo Ijans yo (IPAWS-OPEN).

Tout telefòn mobil yo ta dwe resevwa mesaj la yon sèl fwa. Sa ki annapre yo ka espere nan tès WEA nan tout peyi a:

  • Kòmanse apati 2:20 p.m. ET, gwo antèn telefòn mobil yo  pral difize tès la pandan apeprè 30 minit. Pandan tan sa a, telefòn san fil ki konpatib ak WEA yo ap aktive, nan distans yon antèn aktif, epi ki gen founisè san fil ki patisipe nan WEA, ta dwe kapab resevwa mesaj tès la.
  • Pou konsomatè yo, mesaj la ki parèt sou telefòn yo ap li: “SA SE YON TÈS Sistèm Alèt Nasyonal San Fil pou Ijans. Pa gen okenn aksyon ki nesesè."
  • Telefòn ki gen meni prensipal la an panyòl ap parèt: ESTA ES UNA PRUEBA del Sistema Nacional de Alerta de Emergencia. No se necesita acción.” 

Yo te kreye epi voye alèt WEA nan teritwa pa VITEMA atravè IPAWS bay founisè san fil k ap patisipe yo, ki bay alèt yo nan aparèy konpatib yo nan zòn jeo-sible yo. Pou ede asire alèt sa yo aksesib pou tout piblik la, ki gen ladan moun ki gen andikap, alèt yo akonpaye pa yon ton inik ak vibrasyon.

 Yo kreye alèt WEA yo  epi voye nan teritwa a pa VITEMA atravè IPAWS bay founisè san fil k ap patisipe yo, ki bay alèt yo nan aparèy konpatib yo nan zòn jeo-sible yo. Pou ede asire alèt sa yo aksesib pou tout piblik la, tankou moun ki gen andikap, alèt yo ap vini ak a yon ton inik ak vibrasyon.

Enfòmasyon enpòtan sou tès EAS la:

  • Pati EAS nan tès la pwograme pou dire apeprè yon minit epi yo pral fèt avèk patisipasyon emisyon radyo ak televizyon, sistèm kab, founisè radyo ak televizyon satelit ak founisè videyo ak fil.
  • Mesaj tès la pral sanble ak mesaj regilye tès EAS piblik yo chak mwa. Li pral di: “Sa a se yon tès nan tout peyi a nan Sistèm Avètisman pou Ijans, Ajans Federal Jesyon Ijans ki pibliye l, ki kouvri Etazini depi 14:20 jiska 14:50 ET. Sa a se sèlman yon tès. Pa gen okenn aksyon ki mande pa piblik la.

###

Misyon FEMA se ede moun anvan, pandan ak apre katastwòf yo.

Tags:
Dènye Mizajou