Konsèy Pou Moun ki Nan Sitityasyon Kritik Disponib Gratis pou Rezidan Florida ki Siviv Katastwòf

Release Date Release Number
R4-DR-4399-FL NR 075
Release Date:
January 10, 2019

TALLAHASSEE, Fla. — Genyen sèvis konsèy gratis ki disponib 24 sou 24, sèt jou sou sèt pou ede moun ki ap afwonte estrès yo genyen akoz Siklòn Michael. Sivivan yo kapab rele 800-985-5990
(TTY 800-846-8517) oubyen yo ka voye yon tèks bay TalkWithUs nan 66746 pou rantre an kontak tousuit ak yon konseye pwofesyonèl atantif ki kalifye ki pral ede yo jere twoub emosyonèl yo genyen akoz katastwòf la.

 

Se Administrasyon Sèvis Abi Sibstans ak Sante Mantal (SAMHSA), ki finance liy asistans telefonik la, e liy sa a kontekte moun ki rele yo avèk anplwaye ki ap bayo konsèy an prive, referans ak lòt sèvis sipò.

 

Nan semèn ak mwa apre yon katastwòf fin pase, pakou rekiperasyon an kapab lakoz plizyè ensètitid
epi li ka lakoz estrès ak anksyete moun pa t atann yo. Sentòm yo ka gen ladan yo dòmi piplis oubyen mwens pase dabitid, fatig, dezesperasyon oubyen pèdi apeti.

 

Asistans nan SAMHSA disponib pou nenpòt ki moun ki afekte akoz katastwòf. SAMHSA kapab bay referans a resous lokal pou swen suivi ak sipò.

 

Pou plis enfòmasyon sou rekiperasyon nan Florida apre Siklòn Michael, vizite fema.gov/ht/disaster/4399 and FloridaDisaster.org.

 

 

###

 

Misyon FEMA: N ap ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf.

Pou yon lis resous ki disponib pou moun ak biznis ki afekte akòz Siklòn Michael, vizite www.floridadisaster.org/info.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou rekiperasyon apre Siklòn Michael, vizite www.fema.gov/ht/disaster/4399.

Swiv FEMA ak Divizyon Jesyon Ijans Florida sou Twitter nan @FEMARegion4 ak @FLSERT. Ou ka vizite FEMA ak paj Facebook Divizyon an tou nan Facebook.com/FEMA ak  Facebook.com/FloridaSERT.

Tags:
Dènye mizajou