De Konte yo Deziyen nan Florida pou bay Moun yo Èd Apa

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 010
Release Date:
September 16, 2017

TALLAHASSEE, Fla. – Pwopriyetè kay, lokatè ak pwopriyetè biznis ki nan konte Dixie ak konte Lafayette ka aplike kounye a pou èd federal akòz katastwòf ak pou domaj ak pèt ki pa asire yo genyen akòz Ouragan Irma. Anvan, yo te deziyen konte Alachua, Baker, Bradford, Brevard, Broward, Charlotte, Citrus, Clay, Collier, Columbia, DeSoto, Duval, Flagler, Gilchrist, Glades, Hardee, Hendry, Hernando, Highlands, Hillsborough, Indian River, Lake, Lee, Levy, Manatee, Marion, Martin, Miami-Dade, Monroe, Nassau, Okeechobee, Orange, Osceola, Pasco, Palm Beach, Pinellas, Polk, Putnam, Sarasota, Seminole, St. Johns, and St. Lucie, Sumter, Suwannee, Union, ak Volusia pou bay Èd pou Moun Apa, sa ki fè total la rive a 48 konte.

pou kalifye pou èd federal avèk Pwogram FEMA pou Ede Moun Apa (Individual Assistance Program) domaj ak pèt siklòn nan ak inondasyon yo lakòz dwe fèt akòz yon rezilta Ouragan Irma, ki te kòmanse nan dat 4 septanm.

Enskri avèk FEMA san pèdi tan. Si ou te anrejistre davans avèk FEMA, ou pa gen pou aplike ankò. Si ou gen telefòn ak/oswa aksè nan entènèt, ou ka enskri:

  • sou sitwèb DisasterAssistance.gov, oswa
  • sou Aplikasyon Mobil FEMA, oswa depi ou
  • Rele nimewo 800-621-3362 (FEMA). Aplikan ki itilize 711 oswa Sèvis Relè nan Videyo ka rele nimewo 800-621-3362 tou. Moun ki soud yo, ki mal pou tande oswa ki gen yon andikap pou pale epi ki itilize yon TTY ka rele nimewo 800-462-7585. pou yo enskri.
  • Nimewo pou rele gratis yo louvri depi 7 a.m. jiska 11 p.m. ET, sèj jou pa semèn.
  • Gen operatè ki pale anpil lang ki disponib.Peze2 pou lang Panyòl epi peze 3 pou lòt lang yo.

Pa dekouraje si ou pa gen aksè nan telefòn oswa nan sèvis entènèt. Espesyalis èd pou sivivan akòz katastwòf pral nan kominote lokal yo nan yon ti tan pou ede moun yo enskri pou èd la.

ÈD pou sivivan kalifye yo kapab gen ladan sibvansyon pou lojman pwovizwa ak reparasyon kay epi pou lòt bezwen serye akòz katastwòf la, tankou depans medikal depans pou swen dan oswa depans pou seremoni antèman ak antèman.

prè pou anpil tan ki gen enterè ba nan Administrasyon Ti Biznis Etazini, (U.S. Small Business Administration SBA) ka disponib tou pou depans pou pèt asirans pa peye epi ki pa double avantaj lòt ajans oswa òganizasyon.

Kontakte konpayi asirans ou pou depoze yon reklamasyon asirans. FEMA pa garanti peman asirans ki double. Men, ou ka toujou resevwa èd apre asirans ou peye reklamasyon ou yo.

Septanm 10: Florida te resevwa yon deklarasyon federal pou gwo katastwòf pou Èd pou Moun Apa pou konte Charlotte, Collier, Hillsborough, Lee, Manatee, Miami-Dade, Monroe, Pinellas, ak Sarasota. Yo te deziyen tout 67 konte yo ki nan Florida pou Pwogram Èd Piblik (Kategori A-G), ansanm avèk èd federal dirèk.

Septanm 11: Yo te deziyen konte Broward, Clay, Duval, Flagler, Palm Beach, Putnam, ak St. Johns pou Èd pou Moun Apa.

Septanm 13: Yo te deziyen konte Brevard, Citrus, DeSoto, Glades, Hardee, Hendry, Hernando, Highlands, Indian River, Lake, Marion, Martin, Okeechobee, Orange, Osceola, Pasco, Polk, St. Lucie,  Seminole, Sumter, ak Volusia counties were designated pou Èd pou Moun Apa.

Septanm 14: Y o te deziyen konte Alachua, Baker, Bradford, Columbia, Gilchrist, Levy, Nassau, Suwannee ak Union pou Èd pou Moun Apa.

16 septanm: Yo te deziyen konte Dixie ak Lafayette pou Èd pou Moun Apa.

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen ak premye repondè nou yo pou asire n ap travay ansanm antan yon peyi, pou devlope, sipòte ak amelyore kapasite nou pou prepare pou tout danje, bay pwoteksyon kont danje, bay repons pou danje yo, retabli nou apre yo, epitou minimize yo.

Gen asistans pou reparasyon apre katastwòf ki disponib san konsiderasyon ras, koulè, relijyon, si ou se fanm oswa gason, laj, andikap, konpetans nan lang Angle oswa sitiyasyon ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan nimewo 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.

Asistans lojman FEMA pou yon ti tan ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans pou swen medikal ak swen dantè, ak depans pou sèvis finerè ak antèman pa egzije moun pou yo aplike pou yon prè SBA. Men, aplikan ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo ba ofisye kredi SBA pou yo kapab kalifye pou asistans ki garanti byen pèsonèl, reparasyon oswa ranplasman veyikil, ak depans pou amenaje ak depo.

 

 

Tags:
Dènye mizajou