Sant Sekou pou Katastwòf Louvri nan Konte Str. Johns pou Sivivan yo nan Florida

Release Date Release Number
R4 DR-4337-FL NR 007
Release Date:
September 15, 2017

TALLAHASSEE, Fla. – A Sant Sekou pou Katastwòf (Disaster Recovery Center ,DRC) pral louvri samdi 16 septanm nan Konte St. Johns pou ede sivivan siklòn yo nan Florida. Sant lan pral louvri ant 9 a.m. ak 6 p.m. depi lendi jiska samdi jouk lè gen avi kontrè.

sant lan nan adrès ki endike anba la a:

UF Wind Mitigation “Hurricane House”

3111 Agricultural Center Drive

St. Augustine, FL 32092

Lè gen plis sant ki louvri, sivivan yo ka chèche youn ki toupre yo sou sitwèb fema.gov/disaster-recovery-centers oswa yo ka rele liy èd FEMA nan nimewo 800-621-3362. Enfòmasyon sa yo disponib tou sou aplikasyon mobil FEMA. Sivivan yo ka enskri nan nenpòt DRC menm deyò eta a.

Pou akselere sekou a nou ankouraje sivivan yo pou yo enskri anvan yo ale nan yon DRC. Pou enskri, ale sou sitwèbDisasterAssistance.gov oswa rele liy èd FEMA 800-621-3362. Gen èd ki disponib sèt jou pa semèn jouk lè gen avi kontrè.

Ajans Federal pou Jesyon Ijans (Emergency Management Agency), Administrasyon Ti Biznis Etazini (U.S. Small Business Administration, SBA), gwoup volontè ak lòt ajans yo la nan sant yo pou reponn kesyon sou èd pou katastwòf la ak sou prè pou katastwòf la ki gen enterè ba pou pwopriyetè kay yo, lokatè yo ak biznis yo. Yo kapab ede sivivan yo aplike pou èd federal pou katastwòf.

Ekip k ap Ede Sivivan pou Katastwòf (Disaster Survivor Assistance ,DSA) ap fè sondaj nan zòn ki afekte yo epitou yo kapab enskri moun yo pou èd FEMA si sa nesesè. Lè rezidan yo bezwen plis èd , ekip yo ka voye

yo nan yon sant sekou pou katastwòf.

Li nesesè pou ale nan yon sant pou enskri epi pou resevwa èd pou katastwòf. Si li posib, sivivan yo ta dwe enskri avèk FEMA anvan yo ale nan yon sant sekou.

Sivivan katastwòf ki soud yo, ki mal pou tande oswa ki gen yon andikap pou pale epi ki itilize yon TTY ka rele nimewo 800-462-7585 pou yo enskri. Moun k ap itilize 711 oswa Sèvis Relè nan Videyo oswa ki bezwen aranjman pandan yo nan yon sant ka rele nimewo 800-621-3362. Tout sant sekou yo gen aksè fasil epi yo ekipe avèk zouti pou satisfè sivivan ki bezwen èd nan kominikasyon ki pa asosye avèk andikap yo. Chak sant sekou pou katastwòf gen teknoloji asistans pou moun ki andikape yo.

Prè pou katastwòf ki gen enterè ba nan SBA disponib pou biznis tout dimansyon, òganizasyon ki pa komèsyal, pwopriyetè kay yo ak lokatè yo. Prè yo bay akòz katastwòf la ap sèvi pou depans pou pèt asirans oswa sibvansyon pa peye yo.

Pou jwen plis enfòmasyon moun ki aplike yo ka kontakte Sèvis Kliyantèl èd pou Katastwòf SBA depi yo rele nimewo 800-659-2955, voye yon imèl nan DisasterCustomerService@sba.gov swa depi yo ale sou sitwèb SBA nan sba.gov/disaster. Moun ki soud yo ak moun ki mal pou tande yo ka rele nimewo 800-877-8339.

 

###

 

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen ak premye repondè nou yo pou asire n ap travay ansanm antan yon peyi, pou devlope, sipòte ak amelyore kapasite nou pou prepare pou tout danje, bay pwoteksyon kont danje, bay repons pou danje yo, retabli nou apre yo, epitou minimize yo.

Gen asistans pou reparasyon apre katastwòf ki disponib san konsiderasyon ras, koulè, relijyon, si ou se fanm oswa gason, laj, andikap, konpetans nan lang Angle oswa sitiyasyon ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan nimewo 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.

Asistans lojman FEMA pou yon ti tan ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans pou swen medikal ak swen dantè, ak depans pou sèvis finerè ak antèman pa egzije moun pou yo aplike pou yon prè SBA. Men, aplikan ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo ba ofisye kredi SBA pou yo kapab kalifye pou asistans ki garanti byen pèsonèl, reparasyon oswa ranplasman veyikil, ak depans pou amenaje ak depo.

 

Tags:
Dènye mizajou