Ouvèti yon sant rekiperasyon aprè desas nan seksyon Flagker

Release Date Release Number
038
Release Date:
October 29, 2022

BRANDON, Fla. Depatmant Floride la ak FEMA t ouvè anplis yon sant dezas ak rekiperasyon (SDR) Provens Flagler.

Provens Flagler.

Pak expozisyon provens Flagler, 150 Sawgrass Rd., Bunnell, FL 32110

Lè: 8 a.m. to 7 p.m. chak jou.

 

Sant Rekiperasyon apre Katastwòf yo mete enfòmasyon ki sòti nan ajans eta Florida yo, nan FEMA epi nan U.S. Small Business Administration disponib pou sivivan katastwòf yo. Sivivan katastwòf yo kapab jwenn èd lè yo aplike pou asistans federal ak prè pou katastwòf, modifye aplikasyon yo epi jwenn enfòmasyon sou lòt resous ki disponib.

Gen anpil sant rekiperasyon dezas kap travay nan provens Floride yo ki t frape anba katastwof la. Pou jwenn yon sant ki toupre w, ale sou Entènè sous: DRC Locator oswa floridadisaster.org, oswa voye tèks DRC ansanm ak kòd postal ou a nan 43362.

Kounye a tout sant yo louvri sèt jou nan semèn, men lè yo ka chanje. Pa gen randevou nesesè pou jwenn asistans.

Ou pa bezwen ale nan yon sant pouw aplike pou yon asistans FEMA Viktim yo ka aplike sou entènèt nan adrès disasterassistance.gov, sèvi ak aplikasyon FEMA ki sou telefon yo, oubyen rele FEMA nan nimewo pou asistans lan ki se 800-621-3362 ki ouvri chak jou komanse 7è nan maten pou rive 11è nan aswè. ET Èd la disponib nan pifò lang. Si ou ap itilize yon sèvis relè, tankou relè videyo (VRS), telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo pou sèvis sa a. Pou wè yon videyo ki aksesib sou fason pou aplike, vizite: Twa Fason pou Enskri pou Asistans FEMA pou Katastwòf - YouTube.

Sèvis entèpretasyon yo ak materyè ki tradwi yo disponib tou nan sant yo pou ede ou kominike nan lang ou santi ou pi alèz la. Yo chwazi lokal Sant retabliman pou Katastwòf yo paske yo aksesib, nan objektif pou rive jwenn plis moun posib.

Apa sant yo, ekip kap asiste viktim desas yo vizite pòt an pòt katye yo ki nan zon ki t afekte ak syklòn Ian pou ede moun ki abite yo aplike pou asistans FEMA e reponn ak tout kesyon viktim yo ka genyen Ekip DSA yo gen inifòm FEMA sou yo epi yo gen badj idantifikasyon federal ki gen foto yo ladan l. Sèvis sa a gratis.

Asistans Endividyèl FEMA a kapab ede nan depans tanporè pou lojman yo, ti reparasyon nan kay yo ak lòt bezwen esansyèl moun kapab genyen apre dezas.

Tags:
Dènye mizajou