FEMA Apwouve $150 Milyon dola pou Lojman nan Florida

Release Date Release Number
013
Release Date:
October 8, 2022

TALLAHASSEE – Dis (10) jou apre deklarasyon pi gwo katastwòf pou Siklòn Ian nan Florida, FEMA te apwouve $150 milyon dola kòm sibvansyon pou 101,705 lojman pou ede moun yo retabli.

Pami èd yo bay lè gen katastwòf, kapab gen yon èd finansyè pou lojman tanporè, reparasyon lojman ak lòt depans ki gen rapò ak katastwòf la. Nan sibvansyon FEMA yo gen $72 milyon dola pou èd lojman epi $78 milyon dola pou lòt depans.

National Flood Insurance Program (NFIP) te resevwa 31,000 demann reklamasyon nan men moun ki gen asirans Florida yo epi li te bay $10 milyon dola pèman alavans.

U.S. Small Business Administration (SBA) ap trete demann pou fè prè lè gen katastwòf yo epi, rive nan moman an, li te apwouve $3.5 milyon dola.

Pou fè demann èd nan FEMA nan ka yon katastwòf, ale sou sit disasterassistance.gov, itilize aplikasyon FEMA a pou esmatfòn oswa rele 800-621-3362 soti 7 a.m. rive 11 p.m. chak jou. Èd la disponib nan tout lang. Si ou ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (VRS), sèvis telefòn ki gen soutit oswa lòt, bay FEMA nimewo pou sèvis sa a.

Tags:
Dènye mizajou