Yo Ouvri Sant Retablisman apre Katastwòf nan Konte Orange ak Osceola

Release Date Release Number
014
Release Date:
October 9, 2022

TALLAHASSEE – Eta Florida ak FEMA ouvri de (2) lòt Sant Retablisman apre Katastwòf (DRC) nan konte Orange ak Osceola.

KONTE ORANGE

Barnett Park, 4801 W. Colonial Drive, Orlando, FL 32808

 

KONTE OSCEOLA

Hart Memorial Central Library, 211 E. Dakin Avenue, Kissimmee, FL 34741

 

Tout sant yo ouvri soti 9 a.m. pou rive 6 p.m. sèt (7) jou pa semèn.

Sant Sekou Apre Katastwòf yo mete enfòmasyon ki sòti nan ajans eta Florida yo, nan FEMA epi nan U.S. Small Business Administration (Administrasyon Ti Biznis Ameriken yo) disponib pou sivivan katastwòf yo. Sivivan katastwòf yo kapab jwenn èd lè yo aplike pou asistans federal ak prè pou katastwòf, modifye aplikasyon yo epi jwenn enfòmasyon sou lòt resous ki disponib.

Gen lòt sant ki ap fonksyone nan:

KONTE CHARLOTTE

Home Depot, 12621 S McCall Rd, Port Charlotte, FL 33981

 

KONTE COLLIER

Veterans Community Park, 1895 Veterans Park Drive, Naples, 34109

 

KONTE LEE

Lakes Regional Library, 15290 Bass Road, Fort Myers, FL 33919

 

LEE COUNTY

Fort Myers DMS Building, 2295 Victoria Ave., Fort Myers, FL 33901

 

SARASOTA COUNTY

Shannon Staub Public Library, 4675 Career Lane, North Port, FL 34289

 

Tout sant yo ouvri soti 9 a.m. pou rive 6 p.m. sèt (7) jou pa semèn

Li pa nesesè pou yon moun ale nan yon sant pou li aplike. Moun ki sinistre yo kapab ale sou sit entènèt disasterassistance.gov, itilize aplikasyon mobil FEMA a oswa rele 800-621-3362. Liy telefòn nan ouvri chak jou soti 7 a.m. pou rive 11 p.m. Èd yo disponib nan pifò lang. Si ou ap itilize yon sèvis relè, tankou relè videyo (VRS), soutit pou telefòn oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo pou sèvis sa a.

Sant Sekou Apre Katastwòf yo gen aksè pou moun ki andikape ale ladan yo. Yon genyen ekipman asistans teknoloji ki pèmèt sivivan katastwòf yo entèyaji ak pèsonèl la. Gen sèvis Entèpretasyon Videyo a Distans ak langaj siy fas a fas ki disponib sou demann. Sant yo genyen pakin, ranp ak twalèt ki aksesib pou tout moun.

Mete sou sant yo, ekip FEMA Disaster Survivor Assistance, DSA (Asistans FEMA pou Sivivan Katastwòf) yo ap mache nan tout katye ki anndan zòn Siklòn Ian te frape pi plis yo pou ede moun ki rete la yo aplike pou aistans FEMA a epi reponn kesyon yo kapab genyen sou asistans federal. Ekip DSA yo gen inifòm FEMA sou yo epi yo gen badj idantifikasyon federal ki gen foto yo ladan l. Sèvis sa a gratis.

Asistans Endividyèl FEMA a kapab ede nan depans tanporè pou lojman yo, ti reparasyon nan kay yo ak lòt bezwen esansyèl moun kapab genyen apre katastwòf.

Tags:
Dènye mizajou