Asistans Federal nan ka Katastwòf nan Louisiana depase $2 Milya De (2) Mwa apre Siklòn Ida a

Release Date Release Number
016
Release Date:
October 28, 2021

BATON ROUGE, La. – Depi lè siklòn Ida te travèse sidès Louisiana sa te gen de (2) mwa, li te kraze plizyè dizèn pawas ak domaj ak gwo pèt, sivivan katastwòf la te resevwa plis pase 889 milyon dola sibvansyon federal epi te otorize pou plis pase 816 milyon dola prè ki gen yon to ki fèb pou amelyore etablisman yo. Yon lòt montan 297 milyon dola te bay pou sivivan yo nan kad Pwogram Asirans Nasyonal Kont Inondasyon (National Flood Insurance Program).

Sivivan – ak kominote yo – kontinye netwaye, kòmanse repare oswa rekonstwi kay yo pandan y ap panse ak lòt katastwòf, epi sipòte vwazen yo. Entèvansyon eta Louisiana, FEMA ak patnè ki nan rejyon an epi ki pa la pou pwofi te kontribye pou mete Louisiana sou wout pou li kanpe ankò, epi sivivan yo kapab rasire FEMA ak patnè li yo pral kontinye travay ansanm pou ede moun Ida afekte yo pou konstwi lavi yo ak kominote yo ankò. Dat limit pou aplike demann FEMA pou pwolonje asistans pou 29 novanm 2021

Nan dat 27 oktòb la, kantite total asistans federal nan ka katastwòf gen ladan li:

  • Plis pase 889 milyon dola asistans finansyè total ak sèvis dirèk pou moun ki gen depans obligatwa aprè katastwòf la epi ki pa kapab reponn ak bezwen yo gras ak yon asirans oswa lòt mwayen yo.
  • 492 milyon dola montan sa a la pou ede pou lojman oswa ranplase pwopriyete katastwòf la ravaje epi/oswa jwenn yon kote ki rasire pou yo rete pandan y ap retabli.
  • 396 milyon dola rezève pou Ede nan Lòt Bezwen pou kouvri depans nesesè yo ki gen rapò ak katastwòf lan tankou bòdwo sèvis medikal yo, netwayaj, reparasyon oswa chanjman atik enpòtan pou kay oswa machin yo ak lòt bezwen ki pa gen rapò ak kay.
  • Yo otorize plis pase 816 milyon dola pou prè nan administrasyon ameriken ti biznis yo, tankou plis passe 782 milyon dola pou pwopriyetè ak lokatè yo epi plis pase 34 milyon dola pou reparasyon biznis yo, rekonstwi ak ranplase byen epi materyèl ki andomaje yo epi repare donmaj ki fèt nan lavi ekonomik lan.
  • Yo peye plis pase 97 milyon dola nan asirans bay plis pase 4,500 moun ki asire nan Pwogram Nasyonal Asirans kont Inondasyon yo.

Asistans pou Lojman federal bay:

  • Asistans pou Lwaye pou plis pase 179 000 pwopriyetè kay ak lokatè yo.
  • Asistans Dirèk pou Lojman Tanporè pou dis (10) pawaski plis frape yo, mete disponib plizyè solisyon lojman pou sivivan Louisiana yo.

Etandone pwogram lojman tanporè dirèk lan ap devlope, eta a ap ede sivivan pawas ki plis touche yo epi ki gen bezwen lojman imedya. Sivivan ki enterese nan Pwogram Lojman Siklòn Ida yo kapab vizite sitwèb idashelteringla.com oswa rele 844-268-0301 pou anrejistre.

Lòt pwen enpòtan, travayè endepandan nan Gwoup Enjenyè Lame Ameriken (U.S. Army Corps of Engineers) yo te enstale 33,200 "kouvèti ble" nan zòn siklòn lan te frape a, pèmèt sivivan yo viv lakay yo pandan y ap fè reparasyon yo.

Sant Rekiperasyon apre Katastwòf FEMA yo te resevwa prèske 33,269 k ap chèche asistans oswa enfòmasyon aprè katastwòf, pandan ekip sansibilizasyon Asistans pou Sivivan Katastwòf yo te vizite 143,544 kay, refere 27,812 moun nan plizyè resous kominotè epi ede 15,254 moun aplike nan FEMA.

Fason ki pi rapid pou aplike pou asistans FEMA a se anliy nan DisasterAssistance.gov oswa nan telefòn nan 800-621-3362 oswa (TTY) 800-462-7585. Nimewo telefòn yo fonksyone apati 6 a.m. rive 10 p.m., sèt (7) jou pa semèn.

Reprezantan SBA yo disponib nan sant rekiperasyon pou katastwòf yo, ak biznis epi rezidan yo ka vizite Asistans nan ka ki gen Katastwòf (sba.gov) tou, rele sant sèvis kliyantèl SBA a nan 800-659-2955 oswa voye yon imèl bay disastercustomerservice@sba.gov pou jwenn enfòmasyon pou aplike.

Si w gen kesyon sou kijan pou repare ak rekonstwi plis an sekirite ak plis solid, espesyalis pwoteksyon anviwonnman FEMA yo kapab ede ou. Pou jwenn plis enfòmasyon rele 833-FEMA-4-US pou pale ansanm ak yon Espesyalis Pwoteksyon Anviwonnman oswa vizite https://fema.connectsolutions.com/lamit, pou panyòl https://fema.connectsolutions.com/la-es-mit, pou vyetnamyen https://fema.connectsolutions.com/la-vie-mit.

Pou jwenn dènye enfòmasyon yo, ale sou fema.gov/disaster/4611. Swiv kont Twitter FEMA Rejyon 6 la twitter.com/FEMARegion6 oswa sou Facebook nan facebook.com/FEMARegion6/.

Tags:
Dènye mizajou