Nou Bezwen Èd ou Men fè Don ak Benevola a ak Sajès

Release Date Release Number
DR-4611-LA NR-011
Release Date:
October 9, 2021

BATON ROUGE, LA. - Kokennchenn jenewozite nou jwenn nan don prive ak benevòl yo ap ede kominote Lwizyan nan retabli apre Siklòn Ida. Efò sa yo ka ogmante kapasite otorite lokal yo, eta yo ak tribi yo ak sivivan yo pandan tout pwosesis retablisman an, ki ka dire anpil mwa, menm plizyè ane.

Benevòl yo ta dwe travay avèk yon ajans repons oswa sekou pou asire efò yo ap ede moun ki gen plis bezwen yo. Si ou pa deja konekte ak yon òganizasyon, ou ka vizite Volunteer Louisiana sou entènèt nan volunteerlouisiana.gov pou jwenn opòtinite pou fè benevola nan kominote ki afekte yo.  Volunteer Louisiana ede ankouraje moun fè benevola epi ede ak kowòdone benevòl ki poukont yo pandan yon dezas.

Don yo dwe sible. Lè nou resevwa yon dividal yon britsoukou, sa ka depase bezwen yon kominote oswa fòs mendèv yon òganizasyon sekou pou jere don yo tan pou yo jere bezwen sivivan yo. Lè sou sible don ou yo, sa pral amelyore kowòdinasyon avèk òganizasyon sekou pou katastwòf yo ak manadjè ijans lokal ak eta yo pou moun ki nan bezwen yo resevwa èd ki apwopriye a.

Se poutèt sa fason ki pi efikas pou ede sivivan katastwòf yo se fè don lajan kach ou ka deklare nan taks ou pou òganizasyon kominotè ou fè konfyans. Sa ba yo kapasite pou achte resous oswa sèvis ki pi nesesè pou bay sivivan yo.

Fason ki pi fasil pou ede se bay lajan kach. Li fè sans pou bay ontribisyon lajan kach bay òganizasyon volontè pou plizyè rezon:

  • Don lajan kach mete repons pou dezas  ak òganizasyon sekou ki gen eksperyans sou teren an epi bay bonjan kantite resous ak sèvis bay sivivan ki bezwen li pou yo kanpe sou pye yo.
  • Lè òganizasyon oswa sivivan achte machandiz oswa sèvis lokalman, yo ponpe lajan tounen nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo retabli pi vit.
  • Li sipòte sekouris dezas sou teren an, rete konsantre sou repons ak rekiperasyon olye pou yo kolekte, triye ak transpòte machandiz moun nan kominote a pa te menm mande.

Pou asire yo itilize kontribisyon lajan kach ouyon fason responsab, sèlman bay òganizasyon renome yo. Pou jwenn yon lis òganizasyon ou fè ka fè konfyans, ou ka vizite Volunteer Louisiana sou entènèt nan volunteerlouisiana.gov/donate ak Organganizasyon Nasyonal Volontè aktif nan dezas (National Voluntary Organizations Active in Disaster, NVOAD) nan www.nvoad.org.

 

 

Pou jwenn dènye enfòmasyon yo, ale sou fema.gov/disaster/4611. Swiv kont Twitter FEMA Rejyon 6 nan twitter.com/FEMARegion6 oswa sou Facebook nan https://www.facebook.com/femaregion6/

 

Tags:
Dènye mizajou