Sivivan: Pran Prekosyon nou ak Fwod, Magouy Apre Katastwòf

Release Date Release Number
NR 014
Release Date:
September 23, 2021

Trenton, NJ Apre fin gen yon katastwòf, magouyè, moun k ap vòlè idantite lòt moun epi lòt kalite kriminèl souvan eseye pran avantaj sou sivivan katastwòf yo. Ofisyèl federal ak ofisyèl eta ki responsab jesyon ijans yo, ankouraje rezidan yo pou yo siveye epi rapòte nenpòt aktivite ki parèt yon jan sispèk.

Lè yon katastwòf rive, gen yon seri atoufè ki ka eseye pwofite pran avantaj sou sivivan yo, lè yo pran pòz yo se ajan ofisyèl ki la pou ede moun akoz katastwòf la nan eseye ede sivivan yo fin ranpli aplikasyon yo.

Pratik fwod moun pi souvan jwenn apre yon katastwòf, gen ladan:

Fo òf pou èd eta oswa pou èd federal:

  • Ajan federal ak ajan eta yo pa mande lajan ni pa aksepte lajan. Manm pèsonèl FEMA ak Administrasyon Ti Biznis nan Etazini an (SBA) pa janm mande sivivan k ap aplike pou èd apre katastwòf, pou enspeksyon oswa pou èd, lajan pou yo ka ranpli aplikasyon yo.

Fo Enspektè pwopriyete:

  • Inspektè FEMA yo p ap janm mande ou nimewo sekirite sosyal ou.
  • Pa gen okenn responsab èd gouvènman lè gen katastwòf ki pral rele ou pou mande enfòmasyon sou kont labank ou. Si ou gen dout pou konn si yon reprezantan FEMA lejitim, rakwoche epi rele Liy Èd FEMA a nan 800-621-3362 (TTY 800-462-7585) soti 7 a.m. pou rive 11 p.m. ET.pou rapòte ensidan an.
  • Enspektè lojman FEMA yo pa janm mande yon frè pou enspekte pwopriyete w la.

Fo Antreprenè konstriksyon:

  • Travay enspektè FEMA a se pou verifye domaj. FEMA pa bay antreprenè espesifik travay oswa apwouve yo pou ranje kay oswa rekòmande reparasyon.
  • FEMA rekòmande pou bay yon enjenyè, achitèk oswa ofisyèl bilding ki gen bon repitasyon travay pou enspekte kay ou a. Yon antreprenè ki pa gen etik ka kreye pwoblèm pou li jwenn kontra.
  • Lè w gen dout, rapòte nenpòt konpòtman sispèk bay otorite lokal ou yo

Anplwaye yon antreprenè lejitim:

  • Toujou itilize yon antreprenè lokal ki kalifye ki gen referans serye.
  • Mande yon kontra alekri nan men nenpòt moun ou bay travay.
  • Asire w ou jwenn yon resi alekri pou nenpòt peman. Pa peye plis pase mwatye kòb travay la alavans.
  • Si yon (1) estimasyon parèt twò bon pou l verite, li pwobableman se sa. Anpil antreprenè ki pa gen etik bay òf ki ba ki sanble atire moun. Men, antreprenè sa yo souvan pa gen asirans epi yo ka mande frè anilasyon konsiderab.

Fè zafè ak antreprenè yo:

  • Mande antreprenè yo si yo te fè kalite reparasyon sa a anvan. Epitou mande si yo pral achte pèmi ki nesesè yo, epi si y ap enspekte travay la. Asire w kontra a presize kiyès k ap peye pou pèmi obligatwa yo.
  • Eseye jwenn twa (3) òf separe pou travay la. Pa pran presyon pou pran yon desizyon rapid. Ensiste pou resevwa yon estimasyon alekri oswa yon kontra. Epi pa siyen anyen ou pa konprann oswa kontra ki gen espas vid.
  • Toujou peye pou travay reparasyon pa chèk oswa kat kredi yon fason pou kenbe yo nan dosye w epi evite frè doub.

Fo Zèv Charite:

  • Veye òganizasyon charitab irepwochab ak fo òganizasyon charitab. Kriminèl yo eksplwate sivivan yo, lè yo annik voye fo kominikasyon atravè imèl oswa medya sosyal ak lè yo annik kreye fo sit entènèt ki fèt pou mande moun kontribisyon.
  • Better Business Bureau a gen yon lis òganizasyon charitab ki gen bon repitasyon Wise Giving Alliance te apwouve (Give.Org).
  • Pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou w evite pran nan magouy k ap mande w pou bay nan zèv charite yo, ale sou https://go.usa.gov/xM5Rn

Pou denonse magouy, fwod ak vòl idantite kontakte:

  • Liy Dirèk gratis FEMA kont Fwod Lè Gen Katastwòf nan 866-720-5721;
  • Ajans lokal pou fè respekte lalwa.

Pou jwenn dènye enfòmasyon yo, ale sou fema.gov/disaster/4614. Swiv kont Twitter FEMA Rejyon 2 a nan twitter.com/FEMAregion2.

Tags:
Dènye mizajou