Kenbe Opsyon Rekouvreman ou yo Louvri avèk Èd nan SBA

Release Date Release Number
NR 006
Release Date:
November 13, 2020

BATON ROUGE, La. — Apre ou fini enskri nan FEMA, ajans lan kapab refere ou bay Administrasyon Ti Biznis Ozetazini (U.S. Small Business Administration (SBA)), patnè federal nou an.

SBA ofri prè pou dezas ki genyen to enterè ki ba a rezidan Louisiana yo avèk biznis yo  dènye tanpèt la te afekte yo.  Pwopriyetè avèk Lokatè yo ki resevwa yon aplikasyon pou yon prè SBA ta dwe ranpli aplikasyon an menmsi yo deside pou yo pa pran prè a.  

Si SBA ta jwenn aplikan yo pa kalifye pou yon prè pou dezas, yo ka refere yo tounen bay FEMA pou lòt asistans sibvansyon anplis. Sivivan yo te refere bay SBA prè pou dezas ki genyen to enterè ki ba epi ki pa aplike, yo pa pral konsidere yo pou lòt bezwen posib pou sibvansyon nan FEMA.

Prè pou Dezas ki Genyen To Enterè ki Ba nan SBA

Prè pou Dezas Siklòn yo nan Administrasyon Ti Biznis Ozetazini disponib pou sivivan dezas Louisiana yo.

  • Pou biznis tout gwosè avèk kèk biznis nonpwofi yo: jiska $2 milyon pou domaj sou pwopriyete.
  • Pou ti biznis yo, ti biznis ki angaje yo nan elvaj pwason avèk pifò nonpwofi ki kalifye yo: jiska $2 milyon pou bezwen kapital travay yo menmsi yo pa genyen domaj sou pwopriyete, avèk yon maksimòm $2 milyon prè pou tout konbinezon domaj sou pwopriyete avèk bezwen pou kapital travay yo.
  • Pou pwopriyetè yo: jiska $200,000 pou repare oswa ranplase rezidans prensipal yo.
  • Pou pwopriyetè avèk lokatè yo: jiska $40,000 pou ranplase pwopriyete pèsonèl, tankou machin yo. 

Biznis yo avèk rezidan yo kapab aplike sou entènèt nan sitwèb  www.sba.gov/funding-programs/disaster-assistance. Pou kesyon yo avèk asistans pou ranpli yon aplikasyon, rele 800-659-2955 oswa voye imèl bay FOCWAssistance@sba.gov.

Dat echeyans pou ranpli epi voye aplikasyon pou domaj pwopriyete fizik pou Siklòn Laura se 27 novanm. Dat echeyans pou ranpli epi voye aplikasyon pou Siklòn Delta, se 16 desanm. Pa genyen okenn frè pou aplike ni pa gen okenn obligasyon pou aksepte lajan si li apwouve.

Pou jwenn tou dènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, ale sou fema.gov/disaster/4559. Pou jwenn tou dènye enfòmasyon sou Siklòn Delta, ale sou fema.gov/disaster/4570. Oswa, Swiv kont Twitter Rejyon 6 FEMA a sou twitter.com/FEMARegion6

Tags:
Dènye mizajou