Fèy Enfòmasyon: Èske Mwen Ta Dwe Achte Asirans Inondasyon?

Release Date Release Number
R4-DR-4399-FL FS 040
Release Date:
March 12, 2019

Inondasyon ki te fèt akoz Siklòn Michael te lakoz pwopriyetè kay ak lokatè nan Florida ki genyen asirans inondasyon te soumèt plis pase 4,000 reklamasyon asirans inondasyon.  Sèten rezidan nan Florida ki te genyen pèt pa t genyen asirans inondasyon.

 

Poukisa mwen bezwen asirans inondasyon ?

Kontra nòmal asirans pou pwopriyetè kay yo pa kouvri inondasyon. Donk, li ta pridan pou w konsidere asirans inondasyon menmsi ou pa oblije achte li.

  • Menmsi ou viv nan yon zòn ki pa genyen gwo risk pou inondasyon, sa yo rele Zòn Risk Espesyal pou Inondasyon, se yon bon desizyon pou w achte asirans inondasyon. Annefè, estatistik montre ke moun ki viv andeyò zòn ki genyen gwo risk yo soumèt plis pase 25 pousan reklamasyon pou inondasyon nan tout peyi a.
  • Yo di souvan ke nenpòt lè lapli tonbe, ka gen inondasyon. Donk, etan zòn inondasyon se zòn jewografik byen presi kote genyen yon pi gwo pwobabilite estatistik ke ap gen inondasyon; inondasyon konn rive lòt kote.  Paregzanp, pandan senk dènye ane ki sot pase yo, Florida depase pwobabilite estatistik sa a, yon fè ki mete plis kay ak pwopriyete an risk pase sa yo ta atann yo.
  • Kalkil FEMA yo montre ke twa senp ti pous dlo inondasyon nan yon kay kapab mande ranplase klwazon sèk, plent yo, tapi yo, mèb ak lòt reparasyon ki ka nesesè. Si ou pa genyen asirans inondasyon, evantyèl depans w ap gen pou peye nan pòch ou (ki baze sou yon kay yon etaj, 1500 pye kare) se ozanviwon $15,000. Pou sis pous dlo, yo evalye pèt yo sote a yon estimasyon ozanviwon $23,000. 
  • Klèman, pi fon dlo inondasyon an ye, piplis li pral siman koute pi chè – 18 pous oubyen piplis dlo kapab siyifye reparasyon nan sistèm elektrik la avèk sistèm chofaj ak refwadisman an. Li vle di tou w ap gen pou w ranplase pòt, aparèy elektwodomestik yo ak plaka yo. Yo evalye reparasyon sa yo ka koute? $30,000.
     

Kijan asirans inondasyon fonksyone?

  • Si kominote w la patisipe nan Pwogram Asirans Inondasyon Nasyonal (NFIP) la, antanke pwopriyetè kay oubyen pwopriyetè yon biznis, ou kapab enkli ni pwoteksyon pou bilding ni pou byen w yo nan kontra w la. Lokatè yo kapab jwenn pwoteksyon pou byen yo sèlman. Kontra NFIP bay yo peye menmsi pa gen deklarasyon kastastwòf federal ki fèt.
  • Nan Florida ak nan lòt eta ki afekte akoz siklòn yo, NFIP senplifye pwosesis reklamasyon yo, kote yo pèmèt moun ki genyen asirans yo pou yo resevwa peman davans pou yo demare ak rekonstriksyon yo.

 

 

(plis)

 

Èske Mwen Ta Dwe Achte Asirans Inondasyon – paj 2

 

 

Moun ki genyen asirans yo te kapab jwenn peman davans jiska $5,000 san okenn ekspè pa fè okenn vizit oubyen san okenn dokimantasyon anplis. Sèten nan yo te resevwa peman jiska $20,000 si yo te genyen prèv foto/videyo ak resi oubyen pwofòma yon kontraktè.

  • Yon Kontra Risk ak Preferans (yon kontra asirans inondasyon ki koute mwen chè) bay pwoteksyon ni pou bilding ni pou byen pou pwopriyete ki nan zòn ki gen risk ki ant mwayen ak ba.  Ou kapab achte kontra sa a pou pi piti $325 pa ane.

 

Kilè èske mwen dwe achte yon kontra? Dèke posib. Genyen yon peryòd datant.

  • NFIP pa kapab peye yon reklamasyon si ou pa genyen yon kontra ki anvigè lè w sibi domaj yo. Yon nouvo kontra asirans nan NFIP rantre anvigè 30 jou apre w achte li, amwens acha a gen rapò avèk kreyasyon, renouvèlman oubyen ekstansyon yon prè ki gen garanti federal sou yon pwopriyete ki nan yon zòn ak gwo risk.

 

Menmsi mwen pa nan yon zòn ki gen risk pou inondasyon, èske mwen kapab achte asirans inondasyon?

  • Wi, si kominote w la patisipe a NFIP. Ou elijib pou w achte yon kontra inondasyon avèk menm pwoteksyon ou t ap jwenn si ou te viv nan yon zòn ki gen gwo risk.

 

Èske mwen ka genyen asirans inondasyon si mwen nan lwaye?

  • Wi. Si ou abite nan yon kominote ki patisipe nan NFIP epi ou se yon lokatè, ou kapab genyen asirans inondasyon pou kouvri byen ou genyen nan kay ou, apatman w oubyen biznis nan lokal kote w ap lwe a.


Konbyen kòb yon kontra koute? Ajan asirans ou kapab pale avèk ou sou pri pwoteksyon pou pwopriyete w la. Genyen fason ou kapab diminye depans ou e ajan asirans ou a kapab diskite opsyon w yo avèk ou.

  • Moun ki genyen asirans NFIP yo kapab chwazi montan pwoteksyon yo vle a. Maksimòm pou yon estrikti rezidansyèl pou yon fanmi ki gen 1-4 moun se $250,000 pou pwoteksyon bilding epi $100,000 pou pwoteksyon byen yo. Pou estrikti rezidansyèl ki gen 5 oswa plis inite, maksimòm lan se $500,000 pou pwoteksyon bilding epi $100,000 pou pwoteksyon byen.
  • Maksimòm pou biznis yo se $500,000 pou pwoteksyon bilding epi $500,000 pou pwoteksyon byen.
     
    Konbyen èske mwen pral resevwa nan NFIP apre yon inondasyon domaje bilding mwen an oubyen byen mwen yo?

Genyen kèk enfòmasyon ki fo deyò a konsènan montan yon moun ki genyen asirans pral resevwa akoz domaj ki rive nan inondasyon. Etan yon kontra kapab di li kouvri pèt jiska yon sèten montan :

  • Montan yo peye moun ki genyen asirans lan sou yon kontra asirans inondasyon pral kouvri sèlman depans pou domaj ki aktyèlman fèt akoz inondasyon an.
  • Montan yo peye pou byen yo pral kouvri sèlman pèt ki aktyèlman fèt akoz inondasyon an.
  • Montan yo peye biznis yo ki kouvri pou estrikti ak kontni yo pral aplike sèlman pou pèt ki aktyèlman fèt akoz inondasyon an.

 

Ki kote èske mwen kapab achte asirans inondasyon?

  • Pou w achte asirans inondasyon kontakte konpayi oubyen ajan asirans ou a.
  • Pou referans yon ajan, rele 800-427-4661 oubyen vizite FloodSmart.gov.

 

###

Tags:
Dènye mizajou