Espesyalis FEMA Pral Ofri Konsèy sou Mitigasyon nan Home Depot nan Fayetteville

Release Date Release Number
DR-4393-NC NR 032
Release Date:
October 8, 2018

RALEIGH, N.C. – Sivivan katastwòf yo kapab jwenn endis ak konsèy sou kijan pou yo rekonstwi pi solid kont andomajman nan tanpèt alavni nan The Home Depot ki sitiye nan Fayetteville apati 10 oktòb.

 

Espesyalis mitigasyon nan FEMA pou ka inondasyon yo ka reponn kesyon sou reparasyon kay, fason pou kreye plan katastwòf, fason pou sanble yon kit sekou ansanm ak enpòtans asirans pou inondasyon.

 

Mitigasyon se jefò pou redwi kantite moun ki mouri ak pwopriyete ki domaje lè nou bese enpak katastwòf pi devan. Espesyalis nan mitigasyon yo disponib nan:

 

The Home Depot 2060 Skibo Road

Fayetteville, N.C. 28314

 

Madi, 10 oktòb jiska vandredi, 26 oktòb 2018 ant 7 tè dimaten ak 6 zè diswa lè lokal.

 

Pral gen plis aktivite sou mitigasyon nan magazen amenajman kay nan konte North Carolina katastwòf la te frape yo nan semèn k ap vini yo.

 

###

 

Misyon FEMA: N ap ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf.

 

Pou plis enfòmasyon sou rekiperasyon Kawolin Dinò apre pasaj Siklòn Florence al vizite NCDPS.gov/NCEM ak FEMA.gov/Disaster/4393. Swiv nou sou Twitter :

@NCEmergency ak @FEMARegion4.

 

Asistans apre katastwòf disponib san okenn diskriminasyon ki baze sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, limitasyon nan pale Anglè, oubyen kondisyon ekonomik. Si yo diskrimine kont oumenm oubyen yon moun ou konnen, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (711/VRS – Sèvis

 

Videyo Relè.) Gen operatè ki pale plizyè lang ki disponib pou ou.  (Peze 2 pou Panyòl). TTY dwe rele 800-462-7585.

 

Asistans tanporè FEMA bay pou lojman ak sibvansyon pou depans sèvis transpò piblik, depans medikal ak dantè, epi depans pou fineray ak antèman pa egzije moun pou yo aplike pou yon prè SBA. Sepandan, aplikan ki resevwa yon aplikasyon pou prè SBA yo dwe remèt yo bay yon ajan kredi SBA pou yo kapab kalifye pou asistans ki garanti pwopriyete pèsonèl, reparasyon oubyen ranplasman otomobil, ak depans pou demenajman ak antrepo.

 

SBA se sous lajan prensipal gouvènman an pou rekonstriksyon alontèm pou pwopriyete prive ki andomaje nan katastwòf. SBA ede biznis tout gwosè, òganizasyon ki pa travay pou pwofi, pwopriyetè kay ak lokatè pou yo finanse reparasyon oswa rekonstriksyon yo epi kouvri depans pou ranplase pwopriyete pèsonèl yo pèdi oubyen ki andomaje nan katastwòf. Prè pou katastwòf yo kouvri pèt ke asirans pa fin ranbouse nèt oubyen lòt rekiperasyon epi yo pa double avantaj lòt ajans oubyen òganizasyon deja bay. Pou plis enfòmasyon, aplikan yo ka kontakte Sant Sèvis Kliyan Asistans apre Katastwòf SBA a nan (800) 659-2955, nan imèl nan disastercustomerservice@sba.govoubyen nan vizite sitwèb SBA a nan sba.gov/disaster. Moun ki soud ak moun ki gen difikilte pou tande ka rele (800) 877-8339.

 

Tags:
Dènye mizajou