ST. CROIX, Zile Vyèj – Apre siklòn Irma ak Maria te fin fwape Zile Vyèj Ameriken yo nan mwa septanm, yo te depanse plis pase $11.2 milyon dola nan prè lajan federal ak teritoryal bay pwopriyetè kay ak lokatè ki kalifye pou asistans ak lojman tanporè epi pou lòt bezwen toujou.
Prèske mwatye nan enspeksyon kay yo te prevwa fin fèt sou tout teritwa a, epi kounye an Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA), an kolaborasyon ak Ajans Jesyon Ijans Teritoryal Zile Vyèj (Virgin Islands Territorial Emergency Management Agency, VITEMA) ansanm ak biwo gouvènè a, te apwouve konstriksyon lojman pèmanan (PHC) pou sivivan ki kalifye yo ki te sibi yon pèt FEMA te verifye (FEMA verified loss, FVL) pou omwens $17,000, men siklòn yo pa t reyisi detwi kay yo.
Sivivan yo ki patisipe nan PHC ap resevwa asistans nan fòm reparasyon dirèk nan rezidans prensipal anvan dezas la olye pou yo touche asistans finansyè nan men FEMA. FEMA pral kontakte sivivan sa yo nan telefòn, l ap voye mesaj tèks ak imèl ki gen plis detay.
Anvan pou aplikan an apwouve pou PHC, FEMA pral asire li reparasyon yo nesesè pou fè kay la san danje, pou elimine risk sanitè ak wpi pou li fonksyonèl. Estimasyon kantite travay ak reparasyon kay la bezwen pa kapab plis pase $75,000. Depans pou reparasyon yo dwe rezonab epi yo pral evalye yo chak ka apa.
Epitou, FEMA ap bay pwopriyetè kay ki sibi enpe domaj prè lajan, poutèt sivivan sa yo gendwa chwazi pou fè reparasyon rapid epi kontinye aktivite pou yo retabli sitiyasyon yo nèt.
Ofisye Kowòdinasyon Federal FEMA, William Vogel, te di nou konsa ke: “Redrèsman ak rekonstriksyon se pa yon bagay ki janm fasil, men pou yon teritwa ki repati sou plizyè zile, bagay yo plis difisil toujou. Nou pral travay ak pwopriyetè kay yo epi ede yo evalye opsyon yo, pandan y app ran desizyon sou ki fason yo pral kontinye pwogrese.”
FEMA ankouraje Abitan Zile Vyèj yo ki te enskri opre FEMA epi ki te deja resevwa yon enspeksyon lojman pou yo rele FEMA nan 800-621-3362 oswa pou yo deplase pou ale nan nenpòt nan Sant Redrèsman aprè Dezas (Disaster Recovery Center) yo pou jwenn plis enfòmasyon konsènan opsyon asistans pou lojman yo genyen.
Sivivan yo pral gen jiska dat limit 18 desanm lan pou enskri opre FEMA pou jwenn asistans. Sivivan yo ki gen aksènan Entènèt gendwa enskri nan DisasterAssistance.gov oswa yo ka rele nan 800-621- 3362. Moun ki gen yon andikap pou pale oswa ki di pou tande epi ki itilize TTY ta dwe rele nan 800- 462-7585 dirèkteman. Moun ki itilize 711 oswa Sèvis Relè Videyo (Video Relay Service, VRS) gendwa rele nan 800-621-3362.
Nimewo telefòn gratis yo ap mache koumanse 7è nan maten rive 11è leswa (è lokal) 7 jou sou 7. Operatè yo pare pou ede sivivan yo ann Angle, Panyòl ak nan anpil lòt lang toujou.
###
Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800- 462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).
Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.
Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.fema.gov/hurricane-irma, www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter.com/femaregion2 ak facebook.com/FEMAUSVirginIslands.
Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org. Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org.