Kesyon Moun Poze Souvan: Swivi pou Lojman Dirèk

Release Date Release Number
DR-4393-NC FAQ 005
Release Date:
November 9, 2018

Mwen te fè premye entèvyou a avèk FEMA epi mwen kalifye pou lojman dirèk. Sa k ap pase answit?

W ap resevwa yon lòt koutfil pou nou pran enfòmasyon yo pou detèmine resous lojman apwopriye pou ou. FEMA ap poze ou kesyon detaye konsènan bezwen lojman espesyal ou, dimansyon pwopriyete ou pou Inite Lojman Fabrike oswa trelè pou nou mete ou, kantite moun ki nan fanmi ou, ak nenpòt aranjman ki nesesè pou gen aksè, materyèl medikal ak/oswa andikap.

 

Kijan FEMA konnen kote yo pral mete lojman mwen?

FEMA ap bay yon demann enspeksyon pou kontraktè a. Kontraktè a ap rele ou pou pran yon randevou pou rankontre ou nan pwopriyete ou. Koutfil la ap pi fasil pou soti nan yon kòd rejyonal ou pa byen konnen. Lè enspektè a vini nan pwopriyete ou, l ap gen yon idantifikasyon ki gen foto li ladan ak yon fòm  pou siyen pou pèmèt FEMA mete inite lojman an nan pwopriyete ou, epi pou retire li lè ou fin itilize li.

 

Kisa k ap pase pandan vizit la nan pwopriyete a?

Kontraktè a ap mezire pwopriyete ou, l ap tcheke ak verifye ki kalite inite lojman ki kapab adapte ladan, epi l ap verifye koneksyon sèvis piblik yo epitou l ap kowòdone pou detèminasyon zòn inondasyon. Si kontraktè a detèmine chantye a posib, FEMA ap ap bay yon lòd travay pou kontraktè a mete yon inite lojman nan pwopriyete ou epi kòmanse pwosesis enstalasyon an.

 

Èske m ap bezwen fè nenpòt bagay apre vizit la nan pwopriyete mwen?

FEMA ka mande ou pou kontakte biwo pèmi lokal ou tou pou mande yon pèmi pou plasman inite lojman an ak konpayi ki ba ou sèvis kouran elektrik pou asire disponiblite kouran elektrik la. Answit, FEMA bezwen konnen si ou gen bèt nan kay ou. Si ou genyen,  w ap bezwen retire yo nan pwopriyete a pandan enstalasyon an pou sekirite kontraktè yo ak bèt yo apa.

 

Konbyen tan l ap pran pou enstale inite lojman an?

FEMA ap travay pou bay metòd ki pi efikas pou  pote ak enstale inite lojman yo. Pafwa nou kapab evite reta yo. Move tan kapab lakòz reta nan mwayen kontraktè yo pou fè travay la, menm jan avèk enspektè lokal yo, konpayi sèvis piblik yo ak kèk lòt faktè. Kantite tan enstalasyon an ap pran p ap menm selon Kalite inite lojman an ak nenpòt difikilte ki genyen. Travay la ap fèt san pèdi tan pou bay fanmi ou yon kote ki pwoteje, sanitè ak fonksyonèl pou viv pandan reparasyon yo ap fèt nan kay ou

 

Èske mwen kapab ale andedan an oswa mete afè mwen yo andedan an lè yo fè livrezon inite lojman an?

Non, nou pa panse inite lojman an san danje jouk lè kontraktè a fè tout preparasyon an ak lè yo enspekte inite lojman an pou sekirite. Lè yo fin fè enspeksyon inite lojman an, w ap resevwa yon koutfil FEMA pou pran yon randevou pou siyen lisans ki nan kontra a epi pou revize fonksyon sekirite chak inite lojman. W ap siyen kontra a avèk FEMA pou itilize inite lojman pwovizwa a epi answit n ap ba ou kle yo. Nan moman sa a ou kapab abite nan inite lojman an.

 

Kisa pou mwen fè si pwopriyete kay mwen pa kapab fasilite plasman yon inite lojman?

FEMA ap travay pou idantifye masif nan pak lojman komèsyal epi nou kapab mete yon inite lojman ladan.

 

Mwen pa kapab jwenn yon inite lojman pwovizwa paske FEMA te detèmine kay mwen nan kannal derivasyon Èske mwen kapab mete trelè vwayaj pa mwen nan yon kannal derivasyon?

FEMA pa kapab mete yon inite lojman pwovizwa nan yon kannal derivasyon. Si chantye ou pa kapab reyalize pou mete yon inite lojman pwovizwa, FEMA ka mete yon inite lojman pwovizwa nan yon masif nou anfème nan yon pak komèsyal Si ou te achte oswa te lwe trelè vwayaj pa ou pou anpil tan, ou ta dwe kontakte manadjè plenn inondab ak biwo ofisyèl pèmi lokal ou pou jwenn oryantasyon sou plasman nan yon kannal derivasyon.

 

Mwen se yon ofisyèl lokal oswa yon ofisyèl konte. Kisa mwen kapab fè pou ede rezidan mwen yo jwenn inite lojman yo pi vit?
Lojman FEMA bay la se pou yon ti tan. FEMA ap travay di pou bay rezidan ou yo lojman ki san danje, pwoteje ak fonksyonèl san pèdi tan, men FEMA bezwen konnen egzijans gouvènman lokal yo pou plasman inite lojman yo. Si rezidan yo travay avèk FEMA pou asire enspeksyon lokal yo apwobasyon pèmi yo fèt byen vit sa ap ede asire yo kapab abite nan lojman pwovizwa yo san pèdi tan. Sipèvizè Divizyon FEMA oswa espesyalis Afè Entè-gouvènman yo nan zòn nan epi yo kapab bay repons pou kesyon yo oswa enkyetid yo.

 

Kisa pèmi y ap bay yo gen ladan?

Eta North Carolina ak FEMA ap planifye avèk minisipalite yo ak konte yo konsènan òdonans lokal, yo, pèmi yo, dekoupaj an zòn yo, kondisyon pou sèvis transpò yo, reta yo, koneksyon sèvis piblik yo ak enspeksyon yo. FEMA dwe asire tou chantye a respekte  kòd konstriksyon, lwa  konsènan anviwònman  ak règleman konsènan plenn inondab ki anvigè.

 

###

Tags:
Dènye mizajou