Misyon Lojman Dirèk FEMA ap ede avèk Lojman Tanporè; Istwa yon Sivivan

Release Date Release Number
NR 015
Release Date:
February 3, 2021

BATON ROUGE, La.Destriksyon apre siklòn Laura ak Delta te kite plizyè milye rezidan Louisiana san yo pa gen yon kote ki ansekirite pou yo rete. Misyon Lojman Dirèk FEMA se te pou travay pou jwenn sivivan yo ki gen bezwen lojman an lojman tanporè, keseswa atravè asistans lwaye oswa grasa inite lojman tanporè FEMA-bay. Sivivan  Janet Fontenot pataje istwa lavi l nan tan lontan nan krent total pou dòmi an tout sekirite nan pwòp kabann li grasa efò FEMA. 

Fontenot te anmenaje nan kay lwaye w nan Sulphur  yon mwa anvan siklòn Laura te devaste sidwès Louisiana. Fontenot te di li menm ak fanmi l ki gen twa moun te sanzabri jiskaske FEMA te ba yo yon lojman tanporè.

“Ane sa a te... li te terib,” li te di. “Lè nou te rive nan kay la pou verifye kay nou yo, pa m nan te ale.  Nou te pèdi tout bagay.

“Mwen te aplike avèk FEMA, men mwen pa t aplike pou lojman. Men FEMA te kontinye kontakte m pou wè si m te jwenn yon kay, e mwen potko jwenn anyen, paske pa gen anyen isit la pou lwe epi toudenkou yo rele avèk kle pou trelè vwayaj, e mwen te kontan anpil.”

FEMA travay avèk chak aplikan nan chak etap pandan pwosesis la pandan pwosesis lojman dirèk la pou mete fanmi yo an inite adapte pou bezwen inik yo.  Sa kapab yon RV motorize pou moun sila yo ki gen reparasyon ki kapab fèt nan yon kantite tan ki relativman kout.  Gen lòt ki kapab bezwen yon inite lojman fabrike (MHU) kòm yo kapab bezwen pou reparasyon nan kay yo fini.

Gen anpil etap enpòtan kid we rive anvan yok a mete aplikan yo nan yon inite lojman.  Kalite ak gwosè inite ki kòmande a ap detèmine pa konpozisyon fanmi an ak posib aksè oswa bezwen fonksyonèl.

Se yon gwo priyorite pou FEMA kenbe fanmi yo nan kominote yo kèlkeswa lè sa posib kidonk yo ka rete toupre kay yo, travay, lekòl ak kay pou adore.

Pou ede nan detèmine bezwen lojman tanporè pou lokatè yo,  FEMA ap rele mèt kay yo pou detèmine kondisyon ak plan reparasyon pou kay lokasyon ki andomaje yo.

FEMA vle fè sivivan ki elijib yo ki te resevwa yon referans lojman dirèk pou rete an kontak avèk FEMA.  Pou dosye w ale delavan ou dwe kenbe FEMA enfòme epi mete l ajou sou nenpòt chanjman ki kapab genyen.

Pwosesis lojman an pran tan; priyorite FEMA se pou kontinye ede fanmi yo avèk bezwen lojman yo ak pou asire ke inite sa yo ap travay nan bi yon plan lojman ki pi pèmanan. FEMA ap travay di pou tout moun gen yon plas pou li rele lakay li.

“Li bèl isit la,” Fontenot te di. “Pitit gason m gen pwòp chanm akouche l, e nou genyen pwòp chanm akouche nou.  Yo tèlman Pratik.  Mwen vle di ane sa a te terib anpil men li fini byen. Mwen remèsye nou tout.  Mwen gen yon kote pou rele lakay mwen.”

Pou gade yon videyo sou istwa Janet Fontenot vizite Hurricane Laura Housing Mission - Janet Fontenot Testimonial - YouTube.

Pou w jwenn denye enfòmasyon sou siklòn Laura, vizite Louisiana Hurricane Laura (DR-4559-LA). Pou w jwenn denye enfòmasyon sou siklòn Delta, vizite Louisiana Hurricane Delta (DR-4570-LA). Swiv kont Twitter Rejyon 6 FEMA nan twitter.com/FEMARegion6.

Tags:
Dènye mizajou