Dènye Delè pou Anrejistre avèk FEMA pou Siklòn Laura ap rive

Release Date Release Number
NR 058
Release Date:
November 24, 2020

BATON ROUGE, La. — Lokatè ak pwopriyetè nan pawas ki deziyen yo pou asistans FEMA apre siklòn Laura gen jiska 27 Novanm pou anrejistre pou èd.

Asstans Federal gen ladan èd pou lojman tanporè, asistans lwaye ak reparasyon oswa ranplasman pwopriyete ki andomaje.

Anplis, sibvansyon yo kapab disponib pou ede avèk lòt depans yo tankou swen dantè ak medikal, depans pou antèman ak fineray, ranplase atik esansyèl nan kay la, demenajman ak storaj, reparasyon veyikil ak netwayaj.

Pou wè si ou abite nan yon pawas ki deziyen, vizite: https://www.fema.gov/disaster/4559/designated-areas.

Pou w jwenn plis enfòmasyon oswa pou anrejistre pou asistans:

  • Rele liy Èd FEMA nan 800-621-3362 (TTY 800-462-7585)
  • Vizite disasterassistance.gov
  • Pou w jwenn yon Sant Rekiperasyon Katastwòf mobil (DRC), tèks 43362 epi tape DRC ak yon kòd Postal (pa egzanp DRC 12345).
  • Pou resvwa yon lyen pou telechaje aplikasyon FEMA a:

 

Moun sila yo ki itilize yon sèvis relè tankou telefòn videyo, InnoCaption oswa CapTel ta dwe bay FEMA nimewo spesifik yo ki asiyen pou sèvis sa a.

Sivivan siklòn Laura yo ki gen kesyon sou reparasyon kay ta dwe kontakte sèvis sansibilizasyon FEMA nan 833-336-2487 oswa nan fema-mitoutreach-4559@fema.dhs.gov Lendi-Samdi, 8 a.m. rive 6 p.m. CDT. Pou wè resous alèjman vizite https://fema.connectsolutions.com/lauramit/.

 

Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, vizite www.fema.gov/disaster/4559 oswa swiv kont Twiter Rejyon 6 FEMA nan twitter.com/FEMARegion6.   

Misyon FEMA: Ede moun anvan, pandan ak apre katastwòf yo.

Asistans pou rekipere nan Katastwòf disponib san konte sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, Konpetans Angle oswa estati ekonomik.  Si oumenm oswa yon moun ou konnen gen FEMA avèk nimewo spesifik ki asiyen nan sèvis sa a.  Operatè plizyè lang yo disponib (peze 2 pou Panyòl).

 

Tags:
Dènye mizajou