Konsèy gratis pou kriz disponib pou sivivan siklòn Delta ak Laura yo

Release Date Release Number
NR 004
Release Date:
November 9, 2020

Baton Rouge, LA — Sèvis konsèy gratis Administrasyon Sèvis Sante Mantal ak Abi Sibstans ofri (SAMHSA) disponib 24 èdtan pa jou, sèt jou pa semèn pou ede moun sila yo kap fè fas avèk estrès siklòn Laura ak Delta te koze.

 

Rele 800-985-5990 (TTY 800-846-8517) oswa tèks TalkWithUs (tèks moun ki pale Panyòl: Hablanos) nan 66746 pou kapab konekte touswit avèk yon konseye pwofesyonèl ki pral ede moun kap rele yo pou simonte detrès emosyonèl ki gen rapò avèk katastwòf la.  Sèvis telefòn gratis konfidansyèl nan plizyè lang disponib pou tout moun nan eta.

 

Nan semèn ak mwa ki vini apre katastwòf la, chemen pou retablisman an ka poze anpil ensètitid epi koze estrès ak angwas.  Sentòm estrès yo ka gen ladan dòmi plis oswa mwens pase nòmal, fatig, sanzespwa oswa pèdi apeti.  

 

SAMHSA ka fè referans nan resous lokal yo pou swivi swen ak sipò. Pwogram Konsèy Louisiana Spirit Crisis finanse atravè FEMA e SAMSHA jere l. Depatman Sante ak Lopital Eta Louisiana jere l, Biwo Sante sou Konpòtman.

 

Lòt resous pou asistans se VIA LINK, ajans nan Louisiana ki bay sèvis konsèy sou kriz.  Konseye sa yo disponib 24 èdtan pa jou pou bay konsèy sou kriz ak enfòmasyon ansanm avèk referans pou pwogram yo ki kapab ede avèk bezwen yo tankou manje, sèvis pou granmoun, gadri ak plis konpoze 211 oswa 800-749-2673 oswa vizite https://vialink.org/

 

 

 

Lòt resous konsèy nan ka kriz:

 

  • Liy telefòn ijans Keep Calm nan COVID bay konseye fòme ki gen konpasyon pou sipòte rezidan Louisiana yo nan tan difisil sa a. Konseye yo disponib 24 èdtan pa jou, sèt jou pa semèn avèk enfòmasyon ak kowòdinasyon sèvis, ki relye moun kap rele nan sèvis konsèy sante mantal ak abi sibstans. Sèvis sa disponib pou piblik la gratis. Liy telefòn ijans Keep Calm nan COVID se 866-310-7977.  Tout apèl yo konfidansyèl.
  • Liy telefòn Vyolans Domestik nan Louisiana se 888-411-1333. Liy telefòn dirèk sa se kowalisyon abri federal ki deziyen nan tout eta pwogram non-rezidansyèl ak moun kap travay pou mete fen a vyolans domestik nan Louisiana. Ou ka rele tou Liy telefòn nasyonal dirèk vyolans domestik nan 800-799-7233.
  • Veteran, manm sèvis ak fanmi ak zanmi yo ka rele liy kriz Veteran yo nan 800-273-8255, tèks 838255 oswa vizite  https://www.veteranscrisisline.net/ sipò konfidansyèl 24 èdtan pa jou, sèt jou pa semèn.
  • Konsèy gratis sou prevansyon swisid disponib pou nenpòt moun.  Vizite suicidehotlines.com/louisiana.html.

 

Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou Siklòn Delta, vizite www.fema.gov/disaster/4559 Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou siklòn Laura, vizite fema.gov/disaster/4559 oswa swiv kont Twiter Rejyon 6 FEMA nan twitter.com/FEMARegion6

Tags:
Dènye mizajou