FEMA Mobile Registration Centers in Escambia County Change Locations

Release Date Release Number
NR 014
Release Date:
October 19, 2020

PENSACOLA, Fla. – Gen twa sant enskripsyon mobil FEMA nan Konte Escambia ki chanje adrès, efektif 19 oktòb 2020.

 

Sant yo, yo rele Sant Admisyon Enskripsyon Mobil (MRIC) yo, gen anplwaye FEMA kap travay ladan yo e ki ka ede avèk enskripsyon ak reponn kesyon sou pwogram asistans apre dezas yo. Yo ranplase sant ki tap fonksyone nan lòt lokal nan Konte Escambia. Nouvo adrès pou sant yo:

 

KONTE ESCAMBIA

Marie Young Wedgewood Community Center

6405 Wagner Rd.

Pensacola, FL 32505

Lè li louvri: 9 a.m.-6 p.m.

 

Lexington Terrace Community Center

700 S. Old Corry Field Rd.

Pensacola, FL 32507

Lè li louvri: 9 a.m.-6 p.m.

 

Escambia County Equestrian Center

7750 Mobile Hwy

Pensacola, FL 32526

Lè li louvri: 9 a.m.-6 p.m.

 

Sant yo ap fonksyone nan konte Bay, Escambia, Okaloosa, Santa Rosa ak Walton. Sivivan dezas yo ka jwenn pou anrejistre nan nenpòt nan sant yo. Adrès:

 

KONTE BAY

Bay County Public Library, 898 West 11th St, Panama City, Fl 32401

Lè li louvri: Chak jou 9 a.m.– 6 p.m.

 

KONTE OKALOOSA

Northwest Florida Fairgrounds, 1958 Lewis Turner Blvd, Fort Walton Beach, FL 32547

Lè li louvri: Chak jou 9 a.m.– 6 p.m.

 

KONTE SANTA ROSA

Pensacola State College, South Rosa Center, 5075 Gulf Breeze Pkwy, Gulf Breeze, FL 32563

Lè li louvri: Chak jou 9 a.m.– 6 p.m.

 

Pensacola State College, 5988 U.S. 90, Milton, FL 32583

Lè li louvri: Chak jou 9 a.m.– 6 p.m.

 

KONTE WALTON

Freeport Regional Sports Complex, 563 Hammock Trail East, Freeport, FL 32439

Lè li louvri: Chak jou 9 a.m.– 6 p.m.

Jou li louvri: 18 Okt – 22 Okt

 

Boys and Girls Club of the Emerald Coast, 427 Greenway Trail, Santa Rosa Beach, FL 32459

Lè li louvri: Chak jou 9 a.m.– 6 p.m.

Jou li louvri: 23 Okt – 28 Okt

 

Sant yo fonksyone konfòmeman ak pwotokòl COVID-19 ki anplas yo pou asire vizitè yo ak pèsonèl FEMA yo san danje. Distans sosyal ak pwoteksyon pou kouvri figi obligatwa.

 

Li pa nesesè pou ale nan yon sant pou anrejistre ak FEMA. Sivivan dezas ki gen pèt ki pa asire ka aplike tou lè yo:

  • Ale sou DisasterAssistance.gov;
  • Teledechaje Aplikasyon FEMA a; oswa lè yo
  • Rele 800-621-3362 (800-462-7585 TTY). Operatè ki pale plizyè lang disponib pou ou. Nimewo pou apèl gratis yo disponib apati 7 a.m. jiska 10 p.m., lè lokal, sèt jou nan semèn nan. Moun ki itilize yon sèvis relè tankou yon telefòn videyo, InnoCaption oswa CapTel dwe bay FEMA nimewo telefòn espesifik yo deziyen pou sèvis sa a.

 

Enfòmasyon swivan yo nesesè lè w ap anrejistre:

  • Adrès rezidans ki domaje a kote domaj la te rive a (adrès anvan dezas la)
  • Adrès postal aktyèl
  • Nimewo telefòn aktyèl
  • Enfòmasyon sou Asirans
  • Revni anyèl total pou tout kay la
  • Nimewo woutaj ak nimewo kont pou kont chèk oswa kont epay (sa pèmèt FEMA transfere dirèkteman lajan asistans pou dezas la nan yon kont labank)
  • Yon deskripsyon sou pèt ak domaj dezas la koze
Tags:
Dènye mizajou