Sibvansyon Fema Pa Afekte Kalifikasyon Pou Lòt Èd Federal

Release Date Release Number
FEMA Grant Does Not Affect Eligibility for Other Federal Aid
Release Date:
October 16, 2020

BATON ROUGE, La.– Dat limit 27 oktòb pou anrejistre pou èd apre dezas FEMA nan kad siklòn Laura a ap pwoche byen rapid men gen kèk moun ki pa aplike paske yo pè ke lè yo resevwa sibvansyon federal la li pral afekte lòt asistans finansye yo oswa konte kòm yon revni taksab.

 

Sa p ap rive.

 

Sibvansyon FEMA yo pa revni taksab epi yo pa pral afekte kalifikasyon oswa benefis ou resevwa nan Sekirite Sosyal, Medicare, Medicaid, Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemantè (SNAP) oswa lòt pwogram asistans piblik.

LEJANN

Èd FEMA ka afekte  benefis Sekirite Sosyal, taks, food stamp oswa Medicaid mwen.

REYALITE

Èd FEMA PA AFEKTE  benefis nan lòt pwogram federal yo epi IRS pa konsidere li kòm yon revini taksab.

 

DHS logo FEMA

 

Èd federal gen ladan asistans pou lojman tanporè, asistans nan lwaye ak reparasyon oswa ranplasman pwopriyete ki andomaje.Anplis de sa, sibvansyon ka disponib pou ede avèk lòt depans tankou swen medikal ak dantè, gadri, depans fineray ak antèman, ranplasman atik menaje esansyèl, demenajman ak depo, reparasyon ak netwayaj machin.

 

Pou wè si w abite nan yon  pawas ki deziye, vizite: https://www.fema.gov/disaster/4559/designated-areas.

 

Pou w konnen si w kalifye pou èd apre dezas FEMA a:

  • Rele Sèvis Asistans FEMA a nan 800-621-3362 (TTY 800-462-7585).
  • Vizite disasterassistance.gov/.
  • Pou jwenn yon gichè chofè DRC ou voye yon tèks bay 43362 epi tape DRC ak Kòd postal ou (pa egzanp, DRC 12345).
  • Pou resevwa yon lyen pou telechaje app FEMA a:
    • Apple aparèy: voye tèks APPLE bay 43362
    • Android aparèy: voye tèks android bay 43362

 

  • Vizite fema.gov/about/news-multimedia/app
  • Rele 211 oswa voye 527435837 nan tèks bay 898-211. Pou moun Louisiana ke te evakye epi ki pa nan Louisiana kounye a, tanpri rele 337-310-4636. Pou resevwa asistans, nimewo sa a bon tou pou moun ki itilize TTY ki pa nan eta a.
  • Moun ki sèvi ak yon sèvis relè tankou yon videofòn, Innocaption oswa CapTel ta dwe fè FEMA konnen ki nimewo espesifik yo dedye a sèvis sa a.

 

Sinistre siklòn Laura ki gen kesyon sou reparasyon kay ta dwe kontakte sansibilazyon limitasyon domaj FEMA a nan 866-579-0820 oswa nan fema-mitoutreach-4559@fema.dhs.gov Lendi-Samdi, de 8am a 6pm CDT. Pou wè resous limitasyon domaj la  vizite https://fema.connectsolutions.com/lauramit/.

 

Pou dènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, vizite www.fema.gov/disaster/4559 oswa swiv kont Twitter FEMA Rejyon 6 nan twitter.com/FEMARegion6..

 

Tags:
Dènye mizajou