Kay adorasyon prive non-pwofi nan Louisiana ka elijib pou Èd FEMA pou Kouvri domaj Siklòn Laura

Release Date Release Number
NO 023
Release Date:
September 17, 2020

BATON ROUGE, La.— Kay adorasyon non pwofi prive kalifye yo nan Louisiana kapab elijib pou sibvansyon FEMA pou kouvri depans yo ki gen rapò avèk siklòn Laura.

Sibvansyon yo grasa pwogram Asistans Piblik FEMA ka kouvri depans yo pou repare oswa ranplase etablisman andomaje yo pandan siklòn nan.  FEMA finanse Pwogram lan ansanm avèk Jesyon Ijans ak Sekirite Enteryè Biwo Gouvènè a.

FEMA defini etablisman relijye yo antanke legliz, sinagòg, mosk, tanp oswa lòt kay adorasyon san teni kont de karaktè relijye etablisman an.  Okenn etablisman relijye oswa kay adorasyon kapab ekskli nan definisyon sa a akoz direksyon oswa manm nan òganizasyon an limite pou moun yo ki pataje yon fwa oswa kwayans relijye.

Ede avèk depans pou reparasyon ak ranplasman kay adorasyon yo nan pawas ki annaprè yo: Allen, Beauregard, Calcasieu, Cameron, Jefferson Davis ak Vernon.  

Pou w kapab yon aplikan elijib, yon kay adorasyon dwe:

  • Posede oswa jere pa yon òganizasyon non-pwofi prive.
  • Gen domaj Siklòn Laura koze soti nan dat 22-27 Out.
  • Swa li pa t resevwa finansman oswa pa t resevwa ase finansman pou aplike pou yon prè katastwòf nan Administrasyon Ti Biznis Etazini pou repare oswa ranplase yon etablisman.
  • Bay yon lèt desizyon ki soti nan IRS ki akòde egzansyon taks daprè Seksyon 501 (c) (d) oswa (e) nan Kòd IRS nan 1954, oswa bay dokimantasyon ki ateste li kesyon de yon òganizasyon a bi non likratif.  

Kay adorasyon yo kapab kontakte manadjè ijans pawas yo pou yo ka jwenn detay sou kijan pou aplike pou asistans FEMA. Yo ka jwenn plis enfòmasyon tou oswa soumèt demann yo pou Asistans Piblik (RPA) anliy lè ou vizite sit Asistans Piblik Preparasyon Ijans ak Sekirite Enteryè Biwo Gouvènè a (GOHSEP) nan louisianapa.com.

SBA ka prete non-pwofi prive yo jiska $2 milyon pou repare oswa ranplase byen imobilye ki andomaje oswa detwi, machinri ak ekipman, envantè ak lòt byen yo.  SBA ka prete tou lajan anplis pou ede avèk depans pou amelyorasyon pou pwoteje, prevni oswa redwi menm kalite domaj katastwòf la pou l pa rive.

Aplike anliy nan www.sba.gov/funding-programs/disaster-assistance. Pou w jwenn kesyon sou prè katastwòf SBA, rele 800-659-2955 oswa imèl FOCWAssistance@sba.gov.

Pou aplike pa lapòs, ou ta dwe voye aplikasyon ki ranpli a nan U.S. Small Business Administration, Processing and Disbursement Center, 14925 Kingsport Road, Fort Worth, TX  76155.

Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, vizite  www.fema.gov/disaster/4559 oswa swiv Kont Twitter Rejyon 6 FEMA nan twitter.com/FEMARegion6.

Tags:
Dènye mizajou