Dat Limit FEMA pou Anrejistre pou Èd akòz Laura Pre Rive

Release Date Release Number
NR 045
Release Date:
October 12, 2020

BATON ROUGE, La. — Lokatè ak pwopriyetè kay nan pawas yo deziyen pou asistans FEMA yo apre Siklòn Laura gen jiska 27 oktòb pou yo anrejistre pou asistans.

Asistans federal gen ladan èd pou lojman tanporè, asistans pou lwaye, ak reparasyon oswa ranplasman pou pwopriyete ki domaje.

Anplis, ka gen sibvansyon ki disponib pou ede avèk lòt depans tankou swen medikal ak swen dantè, gadri pou timoun, depans pou fineray ak antèman, ranplasman atik menaje esansyèl, demenajman ak depo, reparasyon machin ak netwayaj.

Pou wè si w abite nan yon pawas yo deziyen, ale sou: https://www.fema.gov/disaster/4559/designated-areas.

Pou jwenn plis enfòmasyon oswa pou anrejistre pou asistans:

  • Rele Liy Asistans FEMA a nan 800- 621-3362 (TTY 800- 462- 7585).
  • Ale nan disasterassistance.gov/.
  • Pou jwenn yon Sant Retablisman apre Dezas ki ofri sèvis etan w nan machin ou (DRC), tekste 43362 epi tape DRC ak yon kòd POSTAL (pa egzanp DRC 12345).
  • Pou resevwa yon lyen pou teledechaje aplikasyon FEMA a:
    • Aparèy Apple: tekste APPLE nan 43362
    • Aparèy Android: tekste ANDROID nan 43362
  • Ale sou fema.gov/about/news-multimedia/app
  • Rele 211 oswa tekste 527435837 nan 898-211. Pou moun ki evakye Louisiana e ki andeyò eta a kounye a, tanpri rele 337-310-4636. Pou jwenn sipò, nimewo sa a valid tou pou itilizatè TTY ki andeyò eta a.
  • Moun ki itilize sèvis relè tankou telefòn-videyo, InnoCaption oswa CapTel dwe mete FEMA okouran de nimewo espesifik yo deziyen ba yo pou sèvis sa a.

 

Prè SBA pou dezas ki gen enterè ki ba disponib pou biznis nenpòt gwosè ak pou sèten òganizasyon ki pa travay pou pwofi jiska $2 milyon pou dega materyèl Pou ti biznis, sa ki nan akwakilti ak majorite òganizasyon ki pa travay pou pwofi, yo ka prete jiska $2 milyon pou bezwen fon woulman menm si yo pa genyen dega materyèl.

 

Pwopriyetè kay yo ka prete jiska $200,000 pou repare oswa ranplase rezidans prensipal yo. Pou pwopriyetè kay ak lokatè yo, gen jiska $40,000 ki disponib pou ranplase byen pèsonèl, tankou machin.

 

Biznis ak rezidan yo ka aplike sou entènèt nan www.sba.gov/funding-programs/disaster-assistance oswa voye yon imèl nan FOCWAssistance@sba.gov. Pou asistans pou ranpli yon aplikasyon SBA, rele 800-659-2955. Moun ki soud oswa ki gen pwoblèm pou tande ka rele nan (800) 877- 8339 oswa voye yon imèl nan FOCWAssistance@sba.gov.

 

Sivivan Siklòn Laura yo ki gen kesyon sou reparasyon kay yo dwe kontakte sèvis alèjman FEMA a nan 866-579-0820 oswa nan fema-mitoutreach-4559@fema.dhs.gov Lendi-Samdi, 8am jiska 6pm Lè Zòn Santral. Pou gade resous pou alèjman yo ale sou https://fema.connectsolutions.com/lauramit/.

 

Pou jwenn dènye enfòmasyon yo sou Siklòn Laura a, ale sou www.fema.gov/disaster/4559 oswa swiv kont Twitter FEMA Region 6 nan twitter.com/FEMARegion6.

Tags:
Dènye mizajou March 18, 2021