PENSACOLA, Fla. – Lokatè nan konte Bay, Escambia, Okaloosa, Santa Rosa ak Walton ki gen kay ak pwopriyete yo domaje nan siklòn Sally a ka aplike pou asistans dezas federal.
Asistans Endividyèl FEMA disponib pou lokatè, enkli elèv, ansanm ak pwopriyetè yo. Sibvansyon Federal ka ede peye pou lojman tanporè. Premye sibvansyon pou lwaye a se pou yon peryòd 60-jou e yo ka revize l pou plis asistans. Delè enskripsyon an se 1ye Desanm 2020.
Lokatè yo ka kalifye tou pou yon sibvansyon anba lòt pwogram Asistans Bezwen FEMA yo pou atik pèsonèl ki esansyèl ak lòt depans ki gen rapò ak dezas. Sa yo ka enkli:
- Raplase oswa repare atik pèsonèl ki nesesè, tankou mèb, aparèy, rad, liv oswa founiti lekòl
- Ranplasman oswa reparasyon zouti ak lòt aparèy ki gen rapò ak travay ki obligatwa pou yon travayè endepandan
- Machin prensipal
- Bòdwo medikal ak dantè
Sivivan nan konte Bay, Escambia, Okaloosa, Santa Rosa ak Walton yo ka enskri nan FEMA nan fason ki annapre yo:
- Vizite DisasterAssistance.gov
- Telechaje App FEMA
- Rele 800-621-3362 (800-462-7585 TTY). Operatè ki pale plizyè lang disponib pou ou. Nimewo telefòn gratis yo ouvè chak jou soti nan 7 a.m. pou rive 10 p.m. lè lokal. Moun ki gen yon sèvis relè tankou yon telefònvideyo, InnoCaption oswa CapTel dwe bay FEMA nimewo telefòn espesifik yo ki asiyen pou sèvis sa a.
- Vizite yon Sant Dakèy Enskripsyon Mobil
U.S. Small Business Administration (SBA) ofri prè pou dezas ak ti enterè pou ede lokatè Florida yo repare oswa ranplase atik pèsonèl dezas la domaje, tankou machin yo. Lokatè yo ka kalifye pou jiska $40,000, depann de sa yo pèdi losses. Delè aplikasyon an se 1ye Desanm 2020.
Aplikan yo ka aplike nan entènèt nan sèvi ak sitwèb sekirize SBA a nan https://DisasterLoanAssistance.sba.gov/. Oswa yo ka imèl FOCE-Help@SBA.gov pou plis enfòmasyon nan asistans dezas SBA a. Pou plis enfòmasyon sou prè pou dezas SBA, pwosesis aplikasyon prè, oswa pou jwenn èd pou konplete aplikasyon SBA a, vizite sitwèb sekirize SBA a nan https://DisasterLoanAssistance.sba.gov/.
Aplikan yo ka rele Sant Sèvis Kliyan SBA a tou nan 800-659-2955 oswa imèl disastercustomerservice@sba.gov pou plis enfòmasyon nan asistans dezas SBA a. Moun ki soud oswa ki gen pwoblèm tande yo ka rele 800-877-8339.
Pou plis enfòmasyon sou rekiperasyon Siklòn Sally nan Florida, vizite sitwèb dezas FEMA nan https://www.fema.gov/disaster/4564.
Applicants may apply online using SBA’s secure website at https://DisasterLoanAssistance.sba.gov/. Or they may email FOCE-Help@SBA.gov for more information on SBA disaster assistance. For additional information about SBA disaster loans, the loan application process, or for help completing the SBA application, visit SBA’s secure website at https://DisasterLoanAssistance.sba.gov/.
Applicants may also call SBA’s Customer Service Center at 800-659-2955 or email disastercustomerservice@sba.gov for more information on SBA disaster assistance. Individuals who are deaf or hard‑of‑hearing may call 800-877-8339.
For more information about Hurricane Sally recovery in Florida, visit the FEMA disaster webpage at https://www.fema.gov/disaster/4564.