Sivivan Siklòn Sally ki nan Florida yo resevwa $7.49 Milyon nan Asistans FEMA; Enskripsyon yo ap Kontinye

Release Date Release Number
NR 007
Release Date:
October 9, 2020

PENSACOLA, Fla. – Yon semèn apre yo fin kalifye pou yo resevwa asistans federal pou Siklòn Sally, 1,716 moun nan Florida ak kay nan Bay, Escambia, Okaloosa, Santa Rosa ak konte Walton yo apwouve pou $7.49 milyon nan finansman nan FEMA.

Lajan an se pou depans lojman tanporè, reparasyon debaz pou kay ak lòt bezwen esansyèl ki gen rapò ak dezas.

Si w gen pèt san asirans nan tanpèt la, ou ka anrejistre nan plilzyè fason:

  • Vizite DisasterAssistance.gov, mete kote ou ye a epi klike sou “Apply Online”
  • Telechaje App FEMA pou telefòn entelijan yo
  • Rele 800-621-3362 (800-462-7585 TTY). Operatè ki pale plizyè lang disponib pou ou. Nimewo telefòn gratis yo ouvè chak jou apati 7 a.m. pou rive 10 p.m. lè lokal. Moun ki itilize yon sèvis relè tankou yon videyofòn, InnoCaption oswa CapTel dwe bay FEMA nimewo espesifik ki asiyen pou sèvis sa a.

 

Sant Enskripsyon Mobil FEMA yo ap travay nan plas ki annapre yo pou ede rezidan yo enskri ak reponn kesyon yo genyen sou asistans dezas la:

 

KONTE BAY

Bay County Public Library, 898 West 11th St., Panama City, FL 32401

Lè Travay: Chak jou 9 a.m.-6 p.m.

 

ESCAMBIA COUNTY

Southwest Branch Library, 12248 Gulf Beach Hwy, Pensacola, FL 32507

Lè Travay: Chak jou 9 a.m.-6 p.m.

 

Brownsville Community Center, 3200 W. DeSoto St., Pensacola, FL 32505

Lè Travay: Chak jou 9 a.m.-6 p.m.

 

Escambia County Extension Service, 3740 Stefani Rd., Cantonment, FL 32533

Lè Travay: Chak jou 9 a.m.-6 p.m.

 

OKALOOSA COUNTY

Northwest Florida Fairgrounds, 1958 Lewis Turner Blvd, Fort Walton Beach, FL 32547

Lè Travay: Chak jou 9 a.m.-6 p.m.

 

SANTA ROSA COUNTY

Pensacola State College, South Santa Rosa Center, 5075 Gulf Breeze Pkwy, Gulf Breeze, FL 32563

Lè Travay: Chak jou 9a.m. – 6p.m.

 

Tags:
Dènye mizajou