Sant Rekiperasyon Katastwòf Pawas Vermilion ap fèmen men asistans ap toujou disponib

Release Date Release Number
NR 036

BATON ROUGE, La. -  Gichè chofè Sant Rekiperasyon Katastwòf nan Abbeville ap fèmen 2 Oktòb nan 5 p.m., men asistans ap toujou disponib pou sivivan yo ki te afekte pa Siklòn Laura.

Apre DRC te mete fen nan operasyon li yo, sivivan yo ki te gen pèt nan kay oswa biznis yo akoz siklòn nan ka toujou jwenn dènye enfòmasyon sou aplikasyon yo, aprann sou pwosesis apèl la, oswa verifye estati aplikasyon yo lè yo konekte sou kont yo oswa soumèt enfòmasyon lè yo:

  • Rele Liy èd FEMA nan 800-621-3362 (TTY 800-462-7585).
  • Vizite DisasterAssistance.gov/.
  • Pou resevwa yon lyen pou telechaje aplikasyon FEMA (depannde aparèy ou):
    • Telefòn Apple: tèks APPLE  nan 43362 
    • Telefòn Android: tèks ANDROID nan 43362

Vizite fema.gov/about/news-multimedia/app

Moun yo ki itilize yon sèvis relè tankou telefòn videyo, InnoCaption oswa CapTel ta dwe mete ajou nimewo spesifik FEMA ki asiyen avèk sèvis sa a.

Byenke pawas DRC nan Vermilion ap fèmen, Administrasyon Ti Biznis nan Etazini ap fonksyone yon sant rekiperasyon biznis vityèl anliy nan www.sba.gov/funding-programs/disaster-assistance oswa imèl FOCWAssistance@sba.gov. Pou w jwenn èd pou konplete yon aplikasyon SBA, rele 800-659-2955 (TTY nan 800-877-8339) oswa imèl FOCWAssistance@sba.gov.

Gen lòt DRC ki ouvè nan Louisiana. Sivivan yok a vizite nenpòt sant ki ouvè.  Pou localize sant ki pipre a, klike sou egateway.fema.gov/ESF6/DRCLocator oswa sou yon smart phone ou kapab tèks 43362 ak tape DRC (Kòd postal ou), pa egzanp: DRC 01234.

Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, vizite www.fema.gov/disaster/4559 oswa swiv kont Twitter Rejyon 6 FEMA nan twitter.com/FEMARegion6.

Tags:
Dènye mizajou