Kijan pou Konteste yon Desizyon sou Asistans FEMA

Release Date Release Number
NR 035
Release Date:
September 28, 2020

BATON ROUGE, La. – Sivivan yo ki anrejistre avèk FEMA pou asistans katastwòf nan kad rezilta Siklòn Laura pral resevwa yon lèt detèminasyon ki eksplike desizyon sou elijiblite ak rezon pou desizyon sa.  

Pou moun sila yo ki elijib, lèt la kantite lajan sibvansyon an ye ak kijan yo ta dwe itilize lajan an.  Lè ou pa kalifye, lèt la eksplike  poukisa ak kijan aplikan an ka konteste desizyon sa a.

Li enpòtan pou w li lèt detèminasyon an avèk anpil atansyon pou idantifye rezon ki fè yo declare inelijib.  Gen kèk rezon komen ki gen ladan:

  • Moun nan gen asirans e li bezwen pou bay yon règleman asirans oswa refi pou yo konsidere w pou asistans.
  • Sivivan an bezwen bay lòt enfòmasyon ki nesesè, sètadi. Prèv idantite, prèv okipasyon, revni anyèl, oswa yon lèt asistans pou gadri.
  • Te genyen plizyè anrejistreman lè ou itilize menm adrès la.
  • Domaj nan yon dezyèm rezidans (kote sivivan ap viv mwens pase sis mwa nan ane a).
  • Kay la ansekirite pou abite, ak/oswa pwopriyete pèsonèl pa t gen anpil domaj oswa pa t gen domaj ditou.
  • Rate enspeksyon epi pa gen swivi kominikasyon avèk FEMA.
  • FEMA pa anmezi pou kontakte aplikan an.

Anpil nan pwoblèm sa yo kapab rezoud fasilman lè ou vizite yon Sant Drive-through Disaster Reco very   oswa rele liy èd FEMA: 800-621-3362 (TTY) 800-462-7585. Pou w jwenn gichè DRC ki pi pre a, ou ka tèks 43362 epi tape DRC (Kòd Postal ou) pa egzanp DRC 12345.

Moun sila yo ki itilize yon sèvis relè tankou yon telefòn videyo, InnoCaption oswa CapTel ta dwe mete FEMA ajou avèk nimewo spesifik ki asiyen pou sèvis sa a.

Si sa pa rezoud pwoblèm nan tout moun gen yon dwa pou fè apèl. Pou w fè sa, yon aplikan dwe voye yon lèt nan FEMA mande yon rekonsiderasyon ak eksplike an detay poukisa yo te depoze apèl la.

FEMA pral bezwen non konplè aplikan an, adrès rezidans anvan katastwòf la, nimewo telefòn aktyèl, ak siyati.  Apèl la dwe make avèk so lapòs nan delè 60 jou apati dat yo te resevwa lèt refi FEMA.

Enkli deklarasyon an,“Mwen deklare nan dokiman sa anba penalite pou fo temwayaj ke dokiman sa se laverite epi li kòrèk.”

Dat lèt apèl la, enkli nimewo aplikasyon nèf-chif FEMA ak kòd katastwòf (DR-4559-LA), epi voye l pa lapòs oswa fakse l nan:

 

FEMA National Processing Service Center

P. O. Box 10055

Hyattsville, MD 20782-7055

Fax: 800-827-8112; Attention: FEMA

 

Yon mwayen fasil pou bay nenpòt lòt enfòmasyon nesesè se lè ou etabli yon kont anliy ak telechaje dokiman yo isit la.

 

Pou kreye yon kont asistans pou katastwòf:

    • Ale nan https://www.disasterassistance.gov/
    • Chwazi bouton Kreye Kont anba paj la epi swiv enstriksyon yo.
    • Yap voye yon PIN nan adrès imèl ki nan dosye a.  Apresa konekte sou kont lan.  

 

  • Ou kapab apresa telechaje dokiman enpòtan ou yo nan Sant Upload. (Paj sa a mennen w nan koneksyon an si wap retounen pou ajoute plis dokiman: https://go.usa.gov/xUPX5.)

 

Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, vizite www.fema.gov/disaster/4559 oswa swiv kont Twitter Rejyon 6 FEMA nan twitter.com/FEMARegion6.

 

Tags:
Dènye mizajou