Drive-thru Disaster Recovery Centers Opening in Acadia and Beauregard Parishes

Release Date Release Number
NR 029
Release Date:
September 24, 2020

Gichè chofè nan Sant Relans Apre Dezas ap louvri nan pawas Acadia ak Beauregard Samdi 26 septanm pou ede sivivan siklòn Laura yo.

Anplwaye FEMA ap disponib nan gichè chofè yo pou eskane dokiman, ede avèk anrejistreman epi reponn kesyon sou pwogram èd apre katastwòf la.

Sant lan ap opere aprè pwotokòl COVID-19 strik pou asire sekirite vizitè yo. Mask oswa kachne obligatwa pou antre ak jwenn sèvis. Vizitè yo ap rete nan machin yo. Yon espesyalis ki gen on mask nan figi l ap resevwa dokiman nan vit la epi remèt yo.

Ou pa bezwen randevou. Orè operasyon yo se 7 a.m. a 5 p.m. sèt jou sou sèt.

Sant ki gen gichè chofè yo nan:

Pawas Acadia                                                      Pawas Beauregard

Southside Community Center                                   War Memorial Civic Center

403 4th St.                                                                  250 W. 7th St.

Rayne, LA 70578                                                       DeRidder, LA 70634

Gen lòt sant ki deja louvri nan Louisina. Sivivan yo ka vizite nenpòt sant nan Louisina. Pou jwenn sant ki pi pre w la, rele nimewo asistans FEMA a, vizite www.DisasterAssistance.gov or egateway.fema.gov/ESF6/DRCLocator oswa telechaje App selilè FEMA a nan fema.gov/about/news-multimedia/app.

 

 

Sivivan yo pa oblije vizite yon sant ki gen gichè chofè pou fè yon demann oswa mete demann yo ajou. Pou poze kesyon endividyèl oswa soumèt enfòmasyon:

  • Rele nimewo sèvis asistans FEMA a nan 800-621-3362 oswa TTY 800-462-7585
  • Vizite disasterassistance.gov/
  • Telechaje telechaje App selilè FEMA nan fema.gov/about/news-multimedia/app Pou jwenn yon gichè chofè DRC ou ka voye yon tèks bay 43362 epi tape DRC (Kòd postal ou) pa egzanp DRC 01234.
  • Sou yon aparèy android, tape 2637643 (android) nan yon tèks  voye bay 43362; sou yon aparèy Apple, tape 27753 (APPLE) nan yon tèks  voye bay 43362 oswa rele 211 oswa tape 527435837 (LASHELTER) nan yon tèks  voye bay 898-211.
  • Moun ki sèvi ak yon sèvis relè tankou yon videofòn, Innocaption oswa CapTel ta dwe fè FEMA konnen ki nimewo espesifik yo dedye a sèvis sa a.

Prè SBA ak to enterè fèb pou katastwòf ki rive jiska 2 milyon dola yo disponib pou biznis nenpòt ki gwosè epi kèk òganizasyon san bi lokratif pou dega materyèl. Pou ti biznis yo, sa ki konsakre yo a akwakilti, ak majotite sa ki san bi likratif prive yo ka prete jiska 2 milyon dol dola pou kouvri bezwen fon woulman yo menm si pa gen okenn dega materyèl.

Pwopriyetè kay ka prete jiska 200,000 dola pou swa repare oubyen ranplase yon rezidans prensipal. Pou pwopriyetè kay ak lokatè yo, gen jiska 40,000 dola pou ranplase byen pèsonèl, ki kapab on machin, ki disponib.

Biznis yo ak rezidan yo ka fè demann yo sou entènèt nan www.sba.gov/funding-programs/disaster-assistance oswa voye yon imèl  FOCWAssistance@sba.gov. Pou asistans pou ranpli yon aplikasyon SBA a, rele nan 800-659-2955. Moun ki soud ak moun ki pa tande byen ka rele nan (800) 877-8339 oswa voye yon imèl bay FOCWAssistance@sba.gov.   

Pou dènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, vizite www.fema.gov/disaster/4559 oswa swiv kont Twitter FEMA Rejyon 6 nan twitter.com/FEMARegion6.

 

Tags:
Dènye mizajou