Relans Nan Louisiana Atenn nivo 100 Milyon Dola Pou Èd pou Lojman ak Lòt Bezwen

Release Date Release Number
NR 022
Release Date:
September 16, 2020

BATON ROUGE, La.  – Mwens pase twa semèn apre siklòn Laura gwonde nan eta a, plis pase 100 milyon dola ale jwenn rezidan Louisiana yo pou ede nan reprann tèt yo.

Nan kad Pwogram Endividyèl ak Fanmi FEMA a, gen 43526 aplikasyon ki apwouve jiska 15 septanm. Endividi ak fanmi te resevwa plis pase 68 milyon dola nan èd lojman ak plis pase 32.6 milyon dola nan asistans pou lòt bezwen.

Sivivan katastwòf ki bezwen èd ka aplike nan pwogram lan oswa tcheke aplikasyon yo nan DisasterAssistance.gov. Yo ka rive jwenn FEMA avèk yon smartphone si yo telechaje app la nan fema.gov/about/news-multimedia/app oswa nan magazen aplikasyon konpayi selilè yo.

Rele FEMA gratis nan 800-621-3362 pou anrejitre pou èd oswa pou tcheke aplikasyon w la. Sivivan katastwòf ki soud, ki pa tande byen oswa ki gen yon difiklite pou pale epi ki itilize TTY ka rele nan 800-462-7585. Sivivan katastwòf ki itilize 711 oswa VRS (Sèvis Relè Videyo) ka rele nan 800-621-3362.

Sivivan siklòn Laura yo ka ale nan guichè chofè yon sant relans  apre katastwòf. Mask oswa kachne nesesè pou antre ak resevwa sèvis epi vizitè yo ap rete nan machin yo. Yon espesyalis ki gen mask figi nan figi l ap resevwa dokiman nan vit machin lan, eskane yo sou kont aplikan an epi remèt li yo. Pou kote sant relans yo ye, tcheke app mobil FEMA a nan fema.gov/about/news-multimedia/app oswa rele nan 800-621-3362, oswa vizite https://egateway.fema.gov/ESF6/DRCLocator.

Pou dènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, vizite www.fema.gov/disaster/4559  oswa swiv kont Twitter FEMA Region 6 nan twitter.com/FEMARegion6.

Tags:
Dènye mizajou