Kenbe Kontak—Mete Enfòmasyon w yo Ajou avèk FEMA pou Evite Reta

Release Date Release Number
NR 011
Release Date:
September 6, 2020

BATON ROUGE, La.— Pwopriyetè kay ak lokatè nan Louisiana ki enskri pou asistans FEMA pou dezas apre Siklòn Laura dwe rete an kontak avèk FEMA pou asire pwosesis asistans pou dezas la rete sou bon ray la.

 

Sivivan yo dwe mete enfòmasyon kontak yo ajou leplito ke posib paske FEMA ka bezwen kontakte yo pou fè enspeksyon vityèl kay yo oswa pou jwenn enfòmasyon anplis.

 

Sivivan ki enskri nan FEMA ka mete enfòmasyon kontak yo ajou, nan fason sila yo:

  • Ale sou entènèt la nan DisasterAssistance.gov
  • Telechaje aplikasyon FEMA a
  • Rele nan 800-621-3362. Moun ki itilize sistèm TTY ka rele nan 800-462-7585. Gen operatè ki pale plizyè lang ki disponib depi 7 a.m. jiska 10 p.m., sèt jou nan semèn nan.

 

Moun ki itilize sèvis relè tankou telefòn-videyo, Innocaption oswa CapTel dwe mete FEMA okouran de nimewo espesifik yo deziyen ba yo pou sèvis sa a.

 

FEMA ankouraje sivivan yo pou yo mande yo fè depo dirèk asistans pou dezas la nan enstitisyon finansyè yo a. Sivivan yo dwe kite FEMA konnen leplito ke posib si gen nenpòt chanjman ki fèt nan enfòmasyon bankè yo.

 

Li enpòtan pou note ke yo pa kapab voye chèk asistans pou dezas FEMA yo nan yon lòt adrès. Si ou pa ka gen aksè ak adrès lakay ou, ou ka mande sèvis postal la pou l kenbe kourye w yo.

 

Pou jwenn toudènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, ale sou visit www.fema.gov/disaster/4559 oswa swiv FEMA Region 6 sou Twitter nan twitter.com/FEMARegion6.

Tags:
Dènye mizajou