Rimè:Asistans FEMA se sèlman pou pwopriyetè kay.
Reyalite
Se pa vre. Lokatè yo ka aplike pou asistans pou katastwòf ak FEMA.
FEMA gendwa kapab bay moun ki te lokatè anvan katastwòf yo lajan pou ede peye pou depans lojman a kout tèm, depans pou lwe lojman tanporè, ak depans pou ranplase oswa repare yon machin ak lòt byen pèsonèl ki nesesè yo. FEMA kapab ede tou peye pou depans medikal, dantè, gadri, demenajman ak depo ki pa gen asirans.
Si yo otorize Asistans Lojman Dirèk pou katastwòf la, lokatè anvan katastwòf yo ka elijib pou Asistans Lojman Tanporè Dirèk si yo pa kapab itilize asistans finansye pou jwenn lojman tanporè.