Ki dokiman mwen bezwen?

Ou dwe bway yon kopi sètifika lanmò a, prèv depans fineray ki te fèt, ak prèv asistans fineray yo te resevwa nan men lòt sous.

  • Sètifika lanmò a dwe endike ke lanmò a te koze pa, “te ka koze pa” oswa “te pwobableman akoz yon” COVID-19 oswa sentòm ki tankou COVID-19. Fraz menm jan ki endike yon gwo pwobabilite COVID-19 konsidere yon atribisyon sifizan.
  • Lanmò a dwe rive nan Etazini, sa ki gen ladan teritwa Ameriken yo oswa Distri  Columbia. Depans pou Fineray ki te rive pou yon sitwayen Ameriken ki mouri deyò Etazini pa elijib.
  • Dokimantasyon pou depans yo (resi, kontra mezon finèb, elatriye.) dwe gen ladann non w kòm yon moun ki responsab pou depans yo, non moun ki mouri, depans fineray detaye, ak prèv depans fineray yo ki te fèt nan oswa apre 20 Janvye 2020.
  • Ou dwe bay FEMA tou prèv fon ou te resevwa nan men lòt sous yo ki deziyen spesifikman pou depans fineray yo. Asistans Fineray pou COVID-19 pa ka double  pwodui asirans fineray oswa antèman, kontra fineray ki peye oswa planifye alavans, fidisi ki peye deja pou depans fineray, fidisi irevokab pou Medicaid, asistans finansye ki soti nan òganizasyon volontè yo oswa ajans yo, oswa nenpòt lòt sous ki deziyen spesifikman pou depans fineray. Nenpòt asistans Fineray pou COVID-19 ap redwi nan kantite lajan lòt asistans ou te resevwa pou menm depans yo.
  • Benefis asirans lavi pa konte kòm yon repwodiksyon benefis Asistans Fineray pou COVID-19.
Dènye mizajou