Kesyon Moun Abitye Poze Sou Katastwòf

Paj sa bay repons ak kesyon moun abitye poze sou Asistans Pèsonèl pou moun ki viktim katastwòf.

Repons Kesyon moun abitye poze

Dewoule lis la pou filtre kesyon yo pa kategori, oswa tape yon mo kle

Pou aplike pou èd FEMA a, ou ap bezwen bay:

  • Nimewo Sekirite Sosyal
  • Enfòmasyon sou kouvèti asirans
  • Dega katastwòf la fè
  • Kantite Lajan Anvan Taks chak moun lakay ou touche pa ane
  • Enfòmasyon pou kontakte ou (adrès kourye, adrès kouryèl, nimewo telefòn, elt.)
  • Enfòmasyon pou depo dirèk nan kont ou (opsyonèl)

Deklarsyon ofisyèl katastwòf la tou eksplike
ki katye ki elijib pou èd gouvènman federal la? Pou ka konnen si zòn lakay ou elijib:

  1. Vizite DisasterAssistance.gov
  2. Antre non vil oswa kòd zip ou a nan bwat rechèch.
  3. Chache konte/katye nan "katye ki elijib".


FEMA ap aksepte demand èd pou katastwòd la 60 jou apre deklarasyon ofisyèl katastwòf la.

Wi. Si demand èd FEMA ou a montre kay ou a sibi gwo dega nan tanpèt la, yon enspektè FEMA ap kontakte ou pou evalye nivo dega yo. Depandamman de evalyasyon sa, FEMA ap deside si ou kalifye pou resevwa jiska de mwa èd pou lwaye.

Si ou bezwen plis tan pou fini reparasyon kay la oswa pou ou jwenn yon kote pou ou rete, ou ka aplike pou èd pwolonje pou lwaye. Ou pral bezwen ranpli yon fòmilè FEMA ki rele Aplikasyon pou Èd Pwolonje pou Lwaye Tanporè epi bay tout fakti ak plan pou ebèjman definitif ki demontre aklè nesesite katastwòf la pwovoke.

Èd pwolonje pou lwaye kapab renouvle pa tranch twa mwa pou yon total maksimòm 18 mwa, si se nesesè.

Si ou kalifye pou èd tanporè pou lwaye a, FEMA ap refere ou bay yon lis pwopriyete tankou kay, apatman, otèl oswa motèl ki disponib pou lwe.

Non. FEMA pa kapab ba ou yon sibvansyon pou yon èd si ou deja resevwa l nan konpayi asirans ou, yon lòt ajans Leta, lòt sibvansyon pou katastwòf, oswa lòt avantaj ou resevwa nan mande èd.

Si asirans ou a anreta, FEMA kapab ba ou yon avans lajan men ou pral bezwen remèt lajan sa bay FEMA kou ou jwenn lajan asirans lan.

Lokatè yo ka aplike pou èd pou katastwòf nan FEMA. Men si ou gen asirans lwaye, kontakte founisè asirans ou a anvan pou depoze yon reklamasyon. Lè ou aplike pou èd FEMA, y ap mande w pou bay yon paj deklarasyon asirans ak yon lèt règleman oswa refi.

Non. Èd yo se pa prè labank, kidonk moun pa bezwen ranbouse yo. Se pa lajan gouvènman takse, epi yo pa anpeche moun jwenn Èd Sosyal, Medicare, Medicaid oswa avantaj Pwogram Adisyonèl Èd Alimantè (SNAP).

FEMA pa kapab bay menm èd yon lòt ajans Leta deja bay. Men, si yo te oblije ou kite kay HUB t ap sibvansyone, akoz dega katastwòf ofisyèl la, ou kapab vin elijib pou jwenn èd nan FEMA. Sa vle di fanmi ki oblije kite kay yo oswa lokatè ki:

  • T ap viv nan yon kay HUB sibvansyone
  • T ap viv nan yon apatman ki jwenn èd lwaye nan sibvansyon HUB
  • T ap viv nan yon kay prive gras a sibvansyon Seksyon 8 Chwa ebèjman yon otorite ebèjman

Si ou te resevwa èd lwaye ebèjman ak Devlopman Katye (HUB), ou kapab elijib pou jwenn lajan èd lwaye tanporè pou peye yon kote pou rete jiskaske:

  • Ou retounen nan Lojaman piblik la.
  • Ou retounen nan kay HUB sibvansyone; oswa
  • Ou siyen yon bayafèm ak yon mèt kay
    pou sibvansyon Seksyon 8 Chwa ebèjman an.

Éd la gen ladan l tou sibvansyon pou ranplase bagay esansyèl tankou rad and bagay nan kay, epi ranbouse ou pou gwo depans katastwòf la pote men konpayi asirans pa kouvri. FEMA pa kapab bay menm èd yon lòt ajans Leta deja bay

Dènye mizajou