DRC ki gen pou Ouvè nan Konte Bergen, Hunterdon ak Mercer yo

Release Date Release Number
005
Release Date:
September 14, 2021

Trenton, NJ – Sant Rekiperasyon Katastwòf te louvri jodia nan konte Bergen, Hunterdon ak Mercer ki pou ede rezidan ki rete nan New Jersey rès Siklòn Ida te afekte yo. DRC nan konte Bergen ak Mercer yo te ouvè jodi a. DRC nan konte Hunterdon lan ap ouvè Mèkredi 15 Septanm. Biwo yo ak lè yo louvri an ap afiche pi ba.

Reprezantan FEMA ak Administrasyon Ti Antrepriz Etazini yoBiwo Jesyon Ijans Eta New Jersey an ak lòt ajans eta yo disponib nan sant yo pou eksplike pwogram asistans lan pou katastwòf, reponn kesyon sou korespondans alekri yo epi bay dokimantasyon sou reparasyon ak rekonstriksyon pou rann kay yo plis solid pou reziste kont katastwòf.

Rezidan ki te deja aplike pou èd yo pa bezwen ale nan DRC an men, yo kapab poze kesyon oswa mande plis enfòmasyon an pèsònn nan biwo DRC mete sou opsyon anliy la oswa nan telefòn tou. Sinistre yo kapab vizite nenpòt biwo DRC epi jwenn biwo ki plis pre a gras ak aplikasyon FEMA.  Pou telechaje Aplikasyon FEMA tanpri vizite Apple App Store oswa Gogle Play Store

Sant yo plase nan zòn sa yo:

Konte Bergen (Ouvè Madi, 14 Septanm)

Ciarco Learning Center, 355 Main St., Hackensack, NJ 07652

Orè Fonksyònman: Louvri 7 a.m pou 7 p.m. ET, soti nan Lendi rive Vandredi

Fèmen nan jou Dimanch yo

Konte Mercer (Ouvè Madi, 14 Septanm)

Hollowbrook Community Center, 320 Hollowbrook Drive, Trenton, NJ 08638

Orè Fonksyònman: Louvri 7 a.m pou 7 p.m. ET, soti nan Lendi rive Vandredi

Samdi ak Dimanch soti 8 a.m rive 5 p.m.

Konte Hunterdon (Ouvè Mèkredi, 15 Septanm)

Union Fire Company #1, 230 N. Main St., Lambertville, NJ 08530

Orè Fonksyònman: Louvri 7 a.m pou 7 p.m. ET, soti nan Lendi rive Vandredi

Samdi ak Dimanch soti 8 a.m rive 5 p.m.

Konte Middlesex

Middlesex Fire Academy, 1001 Fire Academy Drive, Cafeteria B, Sayreville, NJ 08872

Orè Fonksyònman: Louvri 7 a.m pou 7 p.m. ET, soti nan Lendi rive Vandredi

Samdi ak Dimanch soti 8 a.m rive 4 p.m.

Konte Passaic

Civic Center. 19 Warren Street, Little Falls, NJ 07424

Orè Fonksyònman: Louvri 7 a.m pou 7 p.m. ET, soti nan Lendi rive Vandredi

Samdi ak Dimanch soti 8 a.m rive 4 p.m.

Konte Gloucester

Mullica Hill Library, 389 Wolfert Station Road, Mullica Hill, NJ 08062

Orè Fonksyònman: Louvri 7 a.m pou 7 p.m. ET, soti nan Lendi rive Vandredi

Samdi soti 10 a.m rive 5 p.m. ak Dimanch soti 1 p.m. rive 5 p.m.

FEMA ak NJOEM pran angajman yo pou louvri DRC nan chak konte yo chwazi yo. Lòt sant sa yo pral louvri pa twò lontan pou ede sinistre yo.

Si ou genyen asirans pwopriyetè kay ak lwaye, ou dwe depoze yon reklamasyon touswit. Dapre lalwa, FEMA pa kapab founi plis pase yon sèl avantaj pou pèt asirans lan te kouvri. Si ou pa genyen asirans oswa ou pa asire ase, ou kapab kalifye pou èd federal.

Fason ki pi fasil epi pi rapid pou aplike an se nan ale sou disasterassistance.gov/ oswa nan telechaje Aplikasyon FEMA an sou Apple App Store la oswa sou Google Play Store.

Si li pa posib pou aplike anliy, rele nan 800-621-3362. Si ou ap itilize yon sèvis relè tankou yon videyofòn, Innocaption oswa CapTel, bay nimewo FEMA nimewo ki asosye ak sèvis sa.

Lè ou aplike pou èd, ou dwe genyen enfòmasyon sa yo disponib tou pre w:

  • Yon nimewo telefòn aktyèl kote yo kapab jwenn ou
  • Adrès ou te genyen nan moman katastwòf la ak adrès ou rete kounya
  • Nimewo Sekirite Sosyal ou, si li disponib
  • Yon lis jeneral sou dega ak pèt yo
  • Si ou genyen asirans, nimewo kontra oswa nimewo ajan ak/oswa non konpanyi an

Èd pou katastwòf la kapab genyen èd finansyè pou lòjman tanporè ak reparasyon kay epitou lòt pwogram pou asiste fanmi yo pou yo reprann yo apre konsekans evènman an.

Pou jwenn dènye enfòmasyon yo, ale sou fema.gov/disaster/4614. Swiv kont Twitter FEMA Region 2 a nan twitter.com/FEMAregion2

Tags:
Dènye mizajou