Pwogram FEMA yo ap Ede Moun Toupatou nan Kontinan an

Release Date Release Number
HQ-20-109
Release Date:
April 21, 2020

WASHINGTON – Nan kad entèvansyon kont pandemi COVID-19 la nan tout peyi Lamerik, FEMA ap travay pou ede sivivan katastwòf yo, moun sanzabri yo, ak gouvènman leta, lokal, tribi ak teritoryal yo atravè peyi a.

“Pou premye fwa nan listwa peyi nou an, nou gen deklarasyon dezas grav nan tout eta yo, nan senk teritwa yo e nan Disti Columbia,” se sa Administratè FEMA Pete Gaynor te di. “N ap fè tout sa ki nan pouvwa nou pou n diminye enpak COVID-19 la e pou n pwoteje sante ak sekirite tout Ameriken.”

Sipò pou Gouvènman Lokal, Leta, Tribi ak Teritoryal yo

FEMA te anonse dènyèman disponiblite $100 milyon dola finansman anplis pou Pwogram Sibvansyon pou Jesyon Pèfòmans nan Ijans lan. Lajan sa a pral ede apiye gouvènman leta, lokal, tribi ak teritoryal yo avèk aktivite sante piblik epi aktivite jesyon ijans yo pou prevansyon, preparasyon, ak entèvansyon fas ak ijans sante piblik COVID-19 la.

Gen finansman ki disponib pou tout 50 eta yo, pou senk teritwa yo ak pou Distri Columbia antanke pati nan Lwa pou Èd Imanitè ak Sekirite Ekonomik pandan Coronavirus la (Coronavirus Aid, Relief, and Economic Security, CARES). Dat limit pou soumèt tout aplikasyon yo se 28 avril.

Ranbousman pou Abri san Rasanbleman

New York ak California ap bay chanm lotèl pou moun k ap viv  sitiyasyon yo antanke sanzabri ki te an kontak oubyen ki teste pozitif pou COVID-19 ak moun ki gen gwo risk pou viris la. Moun sa yo pa bezwen al lopital men y ap benefisye asistans yo jwenn pou rete an sante ak anpeche pwopagasyon COVID-19 la.  Anplis, nan eta New York, yo ofri lojman pou travayè swen sante yo ki ka gen kontak avèk COVID-19 e ki pa vle retounen lakay yo kòm yo pè pou yo pa enfekte manm fanmi yo.

Pou pwoteje sante piblik la, pwogram Asistans Piblik FEMA a pral ranbouse 75 pousan depans elijib pou chanm lotèl sa yo pandan jiska 30 jou. Si ta gen nesesite toujou, eta sa yo ka fè demann pou yon ekstansyon. Asistans sa a ka disponib pou gouvènman eta, lokal, tribi ak teritoryal ki fè demann e ki jwenn apwobasyon FEMA.

Finansman Distribisyon Alimantè

FEMA rekonèt ke ka gen kèk domèn kote l ap nesesè pou gouvènman eta, lokal, tribi ak teritoryal yo bay manje pou reponn a bezwen imedya moun ki pa gen aksè a manje akoz COVID-19 e li etabli yon politik pou defini travay ak depans elijib pou acha ak distribisyon manje.

Gouvènman eta, lokal, tribi ak teritoryal yo kapab rantre nan antant oswa kontra ofisyèl avèk òganizasyon prive, tankou òganizasyon charitab prive tankou gad manje, pou achte epi distribye manje lè li nesesè kòm mezi pwoteksyon ijan nan kad entèvansyon kont pandemi COVID-19 la. Yo bay ajans gouvènman ki legalman responsab la finansman Asistans Piblik la, e apresa li pral ranbouse òganizasyon an pou sèvis yo dapre antant oswa kontra a. Pwogram Asistans Piblik la pral ranbouse 75 pousan pri acha, anbalaj, preparasyon ak livrezon manje nan pwen distribisyon yo oswa bay moun yo, lè gen nesesite pou sa.

Finansman sa a pral sèvi an pati pou ranbouse eta California etan l ap livre twa repa pa jou pou granmoun aje ki bezwen asistans yo e ki p ap patisipe nan lòt pwogram sekirite alimantè.

FEMA te livre $3 milyon dola materyèl pou bebe tankou 8,200 kès fòmil pou bebe, 23,260 pakè kouchèt ak 53,167 pakè lenjèt pou kouchèt pou fanmi ki pòv yo pou ede yo pran swen timoun yo.

Asistans pou Sivivan Katastwòf

FEMA ap sispann peman lwaye pou mwa avril, me ak jen pou sivivan katastwòf k ap viv nan inite lojman pwovizwa FEMA achte yo. Yo te apwouve sispansyon pwovizwa sa a pou soulaje chaj finansye akoz pandemi COVID-19 la pou sivivan katastwòf k ap viv nan inite pwovizwa FEMA achte yo akoz katastwòf ki te rive nan California, Florida, North Carolina ak Texas yo.

FEMA te pwolonje asistans finansye a tou pou yon 90 jou anplis pou sivivan Siklòn Michael yo nan Florida k ap kontinye resevwa asistans pou lwaye nan FEMA pou ede yo ak rekiperasyon ankou yo a.

Pwolongasyon Peryòd Renouvèlman Polis Asirans Inondasyon

Pwogram Asirans Nasyonal Inondasyon FEMA a pwolonje delè siplemantè pou renouvèlman polis asirans inondasyon yo de 30 a 120 jou pou ede kliyan ki ka gen difikilte finansye yo. Ekstansyon sa a aplike pou 1.5 milyon polis asirans inondasyon ki gen dat ekspirasyon ant 13 fevriye ak 15 jen 2020.

Sibvansyon Alimantè ak Lojman Annijans

Pwogram Alimantè ak Lojman Annijans FEMA (FEMA's Emergency Food and Shelter Program, EFSP) a resevwa yon $200 milyon dola finansman anplis grasa Lwa pou Èd Imanitè ak Sekirite Ekonomik pandan Coronavirus (CARES) la. Yo pral distribye lajan sa a bay òganizasyon sèvis sosyal k ap bay moun ki an difikilte asistans ki pa ijan.

Fon EFSP yo kapab sèvi pou yon gran varyete sèvis, tankou abri anmas, alimantasyon anmas, gadmanje ak bank alimantè, peman sèvis piblik ak lwaye/ipotèk pou anpeche sezi ak degèpisman, ak asistans pou tranzisyon soti nan abri yo jis yo rive gen kondisyon lavi ki estab.

$200 milyon dola siplemantè nan Lwa CARES la se yon lajan apa sou alokasyon pou ane fiskal 2019 nan $120 milyon dola yo te alwe an finansman anyèl pou EFSP. Yo prevwa distribisyon lajan nan toude finansman siplemantè ak anyèl la ap fèt bay ajans lokal yo nan mwa jen 2020.

# # #

Related Links:
Tags:
Dènye mizajou