Ekip Travay pou Chèn Rezèv FEMA pandan COVID-19: Estabilizasyon Chèn Rezèv

Release Date Release Number
FEMA ADVISORY
Release Date:
April 8, 2020

Ekip Travay pou Chèn Rezèv la ap kontinye egzekite yon estrateji pou maksimize disponiblite resous pwoteksyon ak resous ki sove lavi yo atravè FEMA pou yon entèvansyon nan tout peyi Lamerik. Jiska dat efò yo konsantre sou diminye mank ki genyen nan kapasite chèn rezèv pou materyèl medikal la ni pou satisfè ni pou soulaje presyon nan demann sou kapasite rezèv medikal la. Ekip travay la ap aplike yon apwòch ak kat volè pou Prezèvasyon, Akselerasyon, Ekspansyon ak Alokasyon pou ogmante rezèv la rapidman jodiya e pou pwolonje pwodiksyon domestik resous esansyèl yo pou rive ogmante rezèv yo alontèm.

Liy efò prezèvasyon an konsantre sou founi konsèy federal bay entèvenan yo ak sektè non medikal la, tankou sèvis piblik (lapolis, ponpye, EMT), distribisyon enèji ak endistri alimantè a sou kijan pou yo prezève rezèv yo lè sa posib, pou diminye enpak sou chèn rezèv medikal la.

Liy efò akselerasyon an bay rezilta dirèk pou ede reponn a demann pou ekipman pwoteksyon pèsonèl atravè endistri a pou pèmèt entèvenan yo jwenn materyèl yo bezwen leplivit posib.

Liy efò ekspansyon an responsab pou l jenere kapasite avèk ni fabrikan tradisyonèl yo ni fabrikan non-tradisyonèl yo, tankou nan ajoute ekipman oswa nan bay liy asanble yo nouvo zouti pou fabrike nouvo pwodui.
 

Alokasyon materyèl yo fasilite distribisyon ekipman pwoteksyon pèsonèl esansyèl moun bezwen nan "pwen cho" yo pou yo ka founi nouvo rezèv tousuit. Eta yo bay rapò sou rezèv yo e yo ka fè demann pou asistans lè yo genyen yon defisi.

Ekip Travay pou Chèn Rezèv la ap travay avèk distribitè komèsyal prensipal yo pou fasilite distribisyon rapid resous esansyèl ki gen kantite limite yo bay lokal kote ki pi bezwen yo. Patnèchip sa a pèmèt FEMA ak patnè federal li yo pran yon apwòch nan tout peyi Lamerik pou konbat kont COVID-19. Ekip travay la ap founi distribitè yo dènye enfòmasyon sou lokal atravè peyi a ke COVID-19 pi afekte yo oswa ki pi bezwen resous yo ni tousuit ni alavni. Distribitè yo dakò pou yo konsantre kèk pòsyon nan distribisyon yo nan zòn sa yo pou yo ka soulaje soufrans pèp Ameriken an.

Yon egzanp enpòtan nan aksyon patnèchip sa a se Pwojè On Ayeryen (Project Air Bridge). Pon ayeryen an te kreye pou diminye tan li pran pou distribitè rezèv medikal Etazini yo resevwa ekipman pwoteksyon pèsonèl yo ak lòt materyèl esansyèl nan peyi a pou kliyan yo. FEMA kouvri depans pou transpò ayeryen materyèl yo rive Etazini soti nan faktori aletranje, ki diminye tan transpò a de plizyè semèn a plizyè jou.

Vòl entènasyonal yo rive nan ayewopò ki se sant operasyonèl yo pou distribisyon nan pwen cho yo ak lokal nan tout peyi a atravè chèn rezèv nòmal yo. Lè vòl yo rive sa pa vle di yo pral distribye rezèv yo nan lokal sant operasyonèl yo.  Dapre kontra avèk distribitè yo, 50 pousan materyèl sou chak avyon se pou kliyan ki andedan zòn pwen cho yo ki gen pi gwo nesesite yo. Rès 50 pousan yo ale jwenn distribitè chèn rezèv nòmal yo pou kliyan nan lòt zòn atravè peyi a.  HHS ak FEMA detèmine zòn pwen cho yo selon done CDC yo.

Nan travay an tèt ansanm, nou kapab distribye resous enpòtan sa yo avèk efikasite bay lopital yo, mezon retrèt yo, etablisman swen alontèm yo, sèvis medikal anvan lopital yo, gouvènman eta ak lokal yo, ak lòt etablisman ki esansyèl nan bay pèp Ameriken an swen pandan pandemi sa a.

Tags:
Dènye mizajou