Preparasyon Enpòtan pou Granmoun Aje

Release Date Release Number
NR 174
Release Date:
July 20, 2020

ST. CROIX, Zile Vyèj Ameriken – Reyalite ki prezante lè gen yon katastwòf sèke fasilite toulejou yo vin afekte. Granmoun aje yo ka gen obstak fizik, emosyonèl oswa finansyè ki anpeche yo prepare pou yon ijans.

Lè ou kreye yon rezo sipò pèsonèl epi lè ou genyen yon plan pou jwenn abri an tout sekirite ansanm avèk moun pwòchou yo, sa pral bay tout moun ki konsène yo lapè despri. Si wap swiv tretman woutin ke yo administre nan yon klinik oswa nan yon lopital, oswa si wap resevwa sèvis regilye, tankou swen sante adomisil, tretman oswa sèvis transpò, pale avèk founisè sèvis ou a konsènan plan dijans yo.

Anplis de preparasyon regilye pou siklòn, granmoun aje yo dwe konsidere tou bezwen espesyal yo genyen yo lè yap rasanble materyèl pou mete nan kit yo.

Kit Preparasyon pou Granmoun Aje:

  • Yon galon dlo pou chak jou pou bwè ak pou sanitasyon, ki kont pou omwen 3 jou. Bwason elektwolit se yon bon sous pou idratasyon.
  • Manje non perisab.
  • Lenn, rad anplis ak soulye konfòtab.
  • Linèt derechanj, katetè, batri, sistèm oksijèn, elatriye.
  • Twous premye swen, asirans medikal, ak kat Medicaid/Medicare.
  • Medikaman sou preskripsyon ak kopi preskripsyon ke yo ka renouvle pou jiska sis mwa.
  • Etikèt pou alèt medikal oswa braslè ki gen enfòmasyon sou bezwen pou swen sante.
  • Yon lis kontak nan ka dijans pou kontakte fanmi ak zanmi.
  • Lajan kach anplis, kòm ou ka pa gen aksè fasil pou w ale labank ak nan gichè otomatik (ATM) yo.
  • Kopi dosye fanmi yo ak lòt dokiman enpòtan tankou batistè avèk ak maryaj, kat Sekirite Sosyal, paspò, testaman, tit pwopriyete, ak enfòmasyon finansye; dosye asirans ak vaksinasyon—se pou mete tout nan yon sak ki sele e ke dlo pa ka antre ladann.
  • Yon radyo ki mache ak pil ak/oswa yon radyo metewo NOAA.
  • Yon flach ki mache ak pil oswa ak enèji solè.
  • Yon siflèt pou rele pou mande èd.
  • Atik anplis tankou pwoteksyon an twal pou kouvri figi ak dezenfektan pou men ki nesesè pou pwòprete ak pou pwoteksyon pèsonèl nan yon milye pandemik.
     
    Pou jwenn plis enfòmasyon ak ti konsèy pratik, ale sou ready.gov/seniors.
Tags:
Dènye mizajou