Abitan Zile Vyèj nan Lojman HUD ki te Dwe Deplase gendwa Elijib pou Asistans FEMA

Release Date Release Number
NR 010
Release Date:
October 5, 2017

ST. CROIX, Zile Vyèj – Abitan Zile Vyèj yo siklòn Irma ak Maria te enpakte dirèkteman epi ki t ap resevwa asistans lwaye nan men Depatman Etazini pou Lojman ak Devlopman Iben (U.S. Department of Housing and Urban Development, HUD) anvan tanpèt yo ta dwe enskri opre Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) lan. 

St. Croix, St. John ak St. Thomas (ikonpri Water Island) nan kategori teritwa ki ka resevwa Asistans Endividyèl FEMA (FEMA Individual Assistance) apre anons deklarasyon yon dezas grav akòz pasaj siklòn  Irma ak Maria nan Zile Vyèj yo. 

Rezidan yo ki afekte gendwa aplike pou èd FEMA si yo te oblije deplase kite lojman HUD sibvansyone yo poutèt pasaj siklòn yo. Nan kategori rezidan sa a, w ap jwenn:

  • Rezidan ki t ap abite nan lojman HUD sibvansyone, oswa
  • Rezidan ki te nan yon apatman prive ki resevwa asistans ak lwaye nan men HUD, oswa
  • Rezidan ki abite nan yon kay oswa nan yon apatman prive grasa yon Koupon Lojman Seksyon 8 (Section 8 Housing Choice Voucher) yo resevwa nan men yon ajans lojman.

Sivivan yo gendwa elijib pou resevwa asistans tanporè pou peye pou yon kote pou yo rete oswa pou sibvansyon pou ranplase kontni esansyèl tankou rad ak atik kay ki esansyèl ansam ak pou depans medikal, dan ak fineray.

Moun ki benefisye asistans HUD pou lwaye gendwa resevwa èd FEMA pou ede peye pou yon kote pou yo rete jiskaske yo tounen nan lojman leta, jiskaske yo antre nan yon kay prive ki resevwa asistans  HUD oubyen jiskaske yo siyen yon kontra lwaye ak yon pwopriyetè kay prive ki aksepte koupon Seksyon 8.

Lalwa federal anpeche FEMA peye avantaj yon lòt ajans te deja peye. Lè kay yon rezidan ki resevwa asistans HUD pa pèmèt moun vin ladann ankò, HUD sispann peye asistans lwaye a pou rezidans sa a. Sivivan an gendwa aplike pou Asistans Endividyèl FEMA an. Li pa posib pou sivivan an touche asistans 2 fwa paske HUD p ap peye asistans lwaye.

Lè sivivan an tounen nan yon rezidans ki resevwa asistans HUD oswa li siyen yon nouvo kontra lwaye pou lojman l ap lwe anba pwogram Seksyon 8 lan, asistans HUD lan pral rekòmanse. Lè sa a, sivivan an p ap resevwa asistans FEMA ankò.

Abitan Zile Vyèj yo ki poko enskri opre FEMA gendwa fè l sou Entènèt nan www.DisasterAssistance.gov, nan lang Panyòl nan www.DisasterAssistance.gov/es, oswa nan telefòn nan 800-621-3362 oswa (TTY) 800-462-7585. Moun ki itilize 711-Relè oswa Sèvis Relè Videyo gendwa rele nan 800-621-3362.

Nimewo telefòn gratis yo ap mache koumanse 7è nan maten rive 11è leswa (è lokal) 7 jou sou 7, jiska yo bay yon lòt anons. Operatè yo pare pou ede sivivan yo ann Angle, Panyòl ak nan anpil lòt lang toujou. 

                                                                                        ###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou
konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo. 

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.fema.gov/hurricane-irma, www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter @femaregion2.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org.  

Tags:
Dènye mizajou