Sant Rekiperasyon Apre Katastwòf nan Port St. Joe ap Kontinye Sansibilizasyon nan yon Dezyèm Lokal

Release Date Release Number
R4-DR-4399-FL NR 095
Release Date:
March 4, 2019

TALLAHASSEE, Fla. – Pouke li kapab kontinye sansibilizasyon li fè yo, sant rekiperasyon apre katastwòf Leta-FEMA nan Port St. Joe ap fonksyone de (2) jou pa semèn nan Sant Resous Kominontè Port St. Joe epi kat jou pa semèn nan Estasyon Ponpye Port St. Joe a.

 

Sant Resous Kominotè Port St. Joe a sitiye nan Nathan Peters Jr. Park nan 401 Peters St., Port St. Joe, FL 32456. Li louvri depi 9 a.m. rive 4 p.m. lè lendi ak madi chak semèn.

 

Sant rekiperasyon apre katastwòf nan Estasyon Ponpye Port St. Joe a, 404 Williams Ave., Port St. Joe, FL 32456 fonksyone depi 9 a.m. rive 6 p.m. mèkredi-vandredi epi depi 9 a.m. rive 1 p.m. samdi.

 

Nou ankouraje sivivan ki poko soumèt FEMA domikan pou antant yo ak asirans yo oubyen lòt enfòmasyon ki manke, pou yo al vizite youn nan de lokal sa yo leplivit posib.

 

Ou ka jwenn pifò nan menm sèvis sa yo sou entènèt nan DisasterAssistance.gov oubyen rele liy Asistans Telefonik FEMA a nan 800-621-3362 oubyen 800-462-7585 (TTY) nenpòt lè depi 7 a.m. rive 11 p.m., sèt jou sou sèt. Operatè ki pale plizyè lang disponib pou ou.

 

###

 

Misyon FEMA: N ap ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf.

Pou yon lis resous ki disponib pou moun ak biznis ki afekte akoz Siklòn Michael yo, vizite www.floridadisaster.org/info.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou rekiperasyon apre Siklòn Michael, vizite www.fema.gov/ht/disaster/4399.

Swiv FEMA ak Divizyon Jesyon Ijans Florida sou Twitter nan @FEMARegion4 ak @FLSERT. Ou ka vizite FEMA ak paj Facebook Divizyon an tou nan Facebook.com/FEMA ak Facebook.com/FloridaSERT.

 

Tags:
Dènye mizajou