Rekiperasyon apre Siklòn nan ap Kontinye avèk Plis Pase $835.4 Milyon nan Sipò Federalل جاری

Release Date Release Number
R4-DR-4399-FL NR 074
Release Date:
January 9, 2019

 TALLAHASEE, Fla. –Twa mwa apre Siklòn Michael touche tè, kominote yo ap kontinye efò rekiperasyon yo avèk sipò nan men Eta Florida ak ajans federal yo. Pwopriyetè kay, lokatè, biznis yo ak moun ki genyen asirans inondasyon yo benefisye plis pase $835.4 milyon nan finansman federal jiska dat 9 janvye.

Eta Florida ak kominote lokal yo deja retire plis pase 20 milyon vèj kib debri,
yon etap ki enpòtan nan operasyon rekiperasyon yo. FEMA te founi 1,952 fwaye avèk lojman tanporè nan lotèl depi tanpèt la, avèk 615 ki deja loje nan kay aktyèlman.

Asistans federal total apre katastwòf gen ladan ni:

  • Prèske $129.6 milyon nan sibvansyon endividyèl ak sibvansyon pou fwaye pou founi asistans finansye pou moun ki genyen depans ki nesesè apre katastwòf la epi ki pa kapab reponn ak bezwen yo avèk asirans yo epi lòt fason.
  • Nan montan sa a, plis pase $106 milyon gen ladan ni asistans pou lojman pou ede pwopriyetè kay yo repare oubyen ranplase pwopriyete rezidansyèl yo ki domaje apre katastwòf la ke asirans pa t kouvri, epi
  • Prèske $23.5 milyon nan Asistans pou Lòt Bezwen deja ede sivivan yo avèk finansman pou kouvri depans nesesè yo tankou bòdwo medikal; lajan pou netwaye, repare oubyen ranplase atik menaje yo; pou repare oubyen ranplase otomobil ki domaje nan katastwòf la ak lòt bezwen ki pa gen rapò ak kay yo.
     
  • Plis pase $565.2 milyon nan prè Administrasyon Ti Biznis bay pou katastwòf ki gen ladann
    prèske $484.5 milyon pou pwopriyetè kay ak lokatè epi plis pase $80.7 milyon pou biznis yo
    repare, rekonstwi epi ranplase pwopriyete ak byen yo ki domaje yo epi pou domaj ekonomik.
     
  • Plis pase $140.5 milyon nan reklamasyon ke yo peye bay 4,153 moun ki gen Asirans Nasyonal pou Inondasyon. 
    (Depi dat 14 desanm)

Sant rekiperasyon apre katastwòf yo resevwa plis pase 44,389 vizitè k ap chèche asistans oubyen enfòmasyon pou katastwòf, pandan Ekip sansibilizasyon Asistans apre Katastwòf pou Sivivan yo te konplete plis pase 3,127 vizit nan etablisman kominotè yo, plis pase 5,918 nan biznis yo, plis pase 112,949 vizit adomisil epi plis pase 30,000 referans nan resous kominotè.

 

Anrejistreman fèmen kounyea, Sepandan, lè w avize FEMA sou nenpòt chanjman nan enfòmasyon pou yo kontakte w, antant ou fè ak konpayi asirans oubyen domaj ou fèk dekouvri, sa ede evite reta nan jwenn asistans ou bezwen an. Vizite yon DRC oubyen kontakte FEMA si ou bezwen poze kesyon konsènan yon lèt ou resevwa. Sivivan ki genyen sikonstans eksepsyonèl kapab toujou aplike pou asistans.

 

Genyen sèt sant rekiperasyon apre katastwòf ki toujou rete louvri pou founi enfòmasyon ak asistans.  Sivivan yo kapab sèvi avèk aplikasyon mobil FEMA a pou jwenn adrès sant yo, yo kapab vizite FEMA.gov/DRC, oubyen yo kapab voye yon tèks nan 43362 epi bay DRC ak kòd POSTAL ou.

 

Pou kontakte FEMA rele 800-621-3362. Moun ki soud, ki gen difikilte pou tande oubyen ki genyen twoub lapawòl epi ki itilize yon TTY kapab rele 800-462-7585. Si ou itilize 711 oswa VRS oswa si ou bezwen yo fè kèk aranjman pou ou pandan w ap vizite yon sant, rele 800-621-3362. Liy telefòn pou rele gratis yo louvri chak jou depi 7 a.m. Jiska 11 p.m. Lè Zòn Lès.

 

FEMA ap ede gouvènman leta ak lokal yo nan rekiperasyon an. Dizwit konte ak eta a kalifye pou pwogram Asistans Leta FEMA a. Finansman federal la disponib pou ranbouse kominote yo ak sèten òganizasyon ki pa travay pou pwofi pou depans yo fè pou netwayaj apre katastwòf la, aksyon yo pran annijans pou pwoteje lavi oubyen pwopriyete moun, epi reparasyon, ranplasman, oubyen restorasyon etablisman ki domaje akoz katastwòf la.

 

Tank FEMA ap resevwa dokimantasyon aplikan yo pou Asistans Leta, li kapab revwa elijiblite epi etabli sibvansyon an pou ranbousman. Eta a resevwa finansman ke yo distribye bay aplikan yo dapre pwosesis entèn yo. Anplwaye FEMA yo ap travay regilyèman avèk eta a epi otorite lokal yo pou rasanble dokimantasyon epi asire tout frè yo ranbouse.

 

Adat, genyen 220 aplikan ki elijib pou Asistans Leta ikonpri ajan leta yo, gouvènman lokal yo ak sèten òganizasyon prive ki pa travay pou pwofi.

 

Pou jwenn plis enfòmasyon sou rekiperasyon apre Siklòn Michael, vizite www.fema.gov/ht/disaster/4399  ak www.FloridaDisaster.org 

 

###

 

Misyon FEMA: N ap ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf.

Pou yon lis resous ki disponib pou moun ak biznis ki afekte akòz Siklòn Michael, vizite www.floridadisaster.org/info.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou rekiperasyon apre Siklòn Michael, vizite www.fema.gov/ht/disaster/4399.

Swiv FEMA ak Divizyon Jesyon Ijans Florida sou Twitter nan @FEMARegion4 ak @FLSERT. Ou ka vizite FEMA ak paj Facebook Divizyon an tou nan Facebook.com/FEMA ak  Facebook.com/FloridaSERT.

Tags:
Dènye mizajou