Rantre Timoun yo nan Planifikasyon ak Preparasyon Dezas

Release Date Release Number
164
Release Date:
July 8, 2019

Sent CROIX, Virgin Islands, Etazini – Ijans ak Dezas yo kapab rive nenpòt kilè, anpil fwa yo rive san avètisman. Jefò plan dezas ak preparasyon ijans yo dwe gen timoun yo ladan li; edike yo epi rann yo plis efikas tankou amelyore abilite yo pou rekipere byen rapid sòti nan nenpòt kalite dezas.

Li itil pou:

  • Rantre Timoun yo nan konvèsasyon preparasyon yo
  • Gen Konesans sou plan ijans lekòl pitit ou a
  • Pratike plan ijans yo regilyèman
  • Rasire w timoun yo gen nan tèt yo nimewo moun pou kontakte nan ka ijans oswa genyen yo alekri
  • Anseye timoun yo kijan epi kilè pou yo rele 9-1-1

Fanmi yo gen bezwen yon plan kominikasyon nan ka ijans ki gen ladan li yon lis moun kle pou kontakte pandan yon ijans. Rantre non yon moun pou kontakte ki pa nan vil la chak manm fanmi a kapab jwenn pou enfòme ki kote ak kijan yo ye, epi yo kapab reyini. Tout moun ta dwe gen yon kopi lis sa a nan zafè pèsonèl yo, tankou nan malèt, sak pou espò yo, kit ijans ak nan telefòn pòtab yo.

Plan ijans fanmi a ta dwe gen ladan li tou yon kit ijans avèk manje epi dlo pou 10 jou pou tout manm fanmi yo, bèt domestik yo ladan li tou. Lòt atik ki kapab gen landan li, yon batri oswa radyo ki chaje ak pano solèy epi batri adisyonèl si gen nesesite, kit premye swen, flash, rad, bagay pou kouvri, siflè, epi tout medikaman yo preskri w. Timoun yo kapab mete ladan li atik pèsonèl yo, tankou liv yo plis renmen yo, jwèt yo.

Verifye Ready.gov ak VITEMA.VI.gov pou plis enfòmasyon sou preparasyon timoun yo ak lòt manm fanmi a.

###

Misyon FEMA se ede moun yo anvan, pandan ak apre yon dezas.

Swiv nou sou rezo sosyal yo sou twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands. Pou alèt ijans, ki gen rapò ak meteyo, sekirite piblik ak koupi nan sèvis yo nan Virgin Islands, enskri pou resevwa Alèt nivo VI oswa kopye https://member.everbridge.net/index/892807736729008#/login nan navigatè ou a.

 

Tags:
Dènye mizajou