Pòtay Resous pou Rekiperayon Apre Siklòn Michael

Release Date Release Number
R4-DR-4399-FL FS 027
Release Date:
February 4, 2019

Pòtay Resous pou Rekiperayon Apre Siklòn Michael bay aksè a enfòmasyon sou entènèt ki kapab ede gouvènman local yo, òganizasyon ki pa travay pou pwofi yo, sektè prive a avèk kominote filantwopik nan Florida pou yo lokalize resous pou rekiperasyon apre tanpèt la.

 

Se gwoup Kowòdinasyon pou Rekiperasyon Konplè (IRC) nan FEMA ki te devlope pòtay la, e ki ap kowòdone sipò federal bay Eta Florida ak kominote nan bann kotyè yo. Yon wòl enpòtan IRC genyen se pou idantifye resous finansye ak lòt resous pou li ka reponn ak bezwen ke FEMA, leta ak lòt pwogram yo pa kapab satisfè yo.

 

Etan pwogram FEMA yo ap travay pou yo ranbouse kominote yo pou depans elijib yo fè pou repons ak rekiperasyon, souvan genyen dè vid ant depans total yo ak sa FEMA kapab peye legalman pou yo. Pòtay filantwopik la se yon zouti IRC ap itilize pou ede konekte òganizasyon kominotè yo avèk evantyèl resous tankou sibvansyon ak asistans Teknik nan domèn lojman, resous ekonomik, natirèl ak kiltirèl ak lòt aspè rekiperasyon kominotè yo.

 

W ap jwenn aksè a pòtay la nan:  https://fema.connectsolutions.com/dr4399fl/. Itilizatè yo dwe enskri antanke “Guest,” apresa suiv enstriksyon sou paj wèb la.

###

Tags:
Dènye mizajou