Konte Hamilton elijib kounye a pou asistans nan FEMA

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 150
Release Date:
January 16, 2018

ORLANDO, Fla. – Pwopriyetè kay, lokatè ak pwopriyetè biznis nan konte Hamilton kapab kounye a aplike pou asistans federal pou katastwòf pou domaj ak pèt akoz siklòn Irma pou moun ki pa t gen asirans oswa ki pa t gen ase asirans.

Pou elijib pou asistans federal nan pwogram asistans endividyèl FEMA a, domaj ak pèt akoz siklòn nan ansanm ak inondasyon dwe te rive akoz siklòn Irma, ant 4 septanm ak 18 oktòb 2017.

Rezidan nan konte Hamilton yo oswa moun ki te sibi pèt nan konte Hamilton ant 4 septanm ak 18 oktòb 2017, ta dwe anrejistre nan FEMA lepli vit sa posib. Si w te deja anrejistre nan FEMA, ou pa bezwen anrejistre ankò. Si w gen yon telefòn epi/oswa aksè nan entènèt, ou ka anrejistre:

  • Sou entènèt nan DisasterAssistance.gov, oswa
  • Sou FEMA Mobile App, oswa lè w
  • Rele 800-621-3362 (FEMA). Aplikan ki itilize 711 oswa Video Relay Service ka rele 800-621-3362 tou. Moun ki soud, ki gen difikilte pou tande oswa ki gen difikilte pou pale epi ki itilize yon TTY ka rele 800-462-7585.
  • Nimewo telefòn gratis yo ouvri apati 7 a.m. jiska 11 p.m. ET, sèt jou pa semèn.
  • Gen operatè ki pale plizyè lang ki disponib. Peze 2 pou panyòl epi peze 3 pou lòt lang yo.

Asistans pou sivivan ki elijib yo ka enkli sibvansyon pou lojman tanporè ak reparasyon kay, epi pou lòt bezwen grav ki gen rapò ak katastwòf la, tankou depans medikal ak dantè oswa depans fineray ak antèman.

Prè lajan alontèm ak enterè ki ba nan Administrasyon Ti Antrepriz Ozetazini (U.S. Small Business Administration, SBA) ka disponib tou pou kouvri pèt asirans yo pa konplètman kouvri epi ki pa lòt ajans oswa òganizasyon pa t peye pou menm depans sa yo.

Rezidan nan konte Hamilton yo ta dwe kontakte konpayi asirans yo pou fè yon reklamasyon asirans. FEMA pa bay lajan pou domaj asirans lan deja peye pou yo. Sepandan, sivivan yo ka toujou resevwa èd aprè konpayi asirans yo vin regle reklamasyon yo te fè yo.

Pou plis enfòmasyon sou siklòn Irma ak retablisman nan Florid, vizite www.FEMA.gov/IrmaFL,

Kont Twitter @FEMARegion4, oswa sitwèb Florida Division of Emergency Management.

 

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ak premye sekouris yo pou asire antanke yon nasyon nou travay ansam pou bati, mentni epi amelyore kapasite nou pou n prepare n pou tout danje, pwoteje kont tout danje, reponn a tout danje, rekipere de tout danje epi aleje tout danje.

Asistans pou retablisman akoz katastwòf  la disponib san nou pa gade sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, konpetans nan lang anglè oswa estati ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA a ak sibvansyon pou depans pou transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa mande pou yon moun aplike pou prete lajan nan SBA. Sepandan, kandida ki resevwa aplikasyon pou prete lajan nan SBA dwe soumèt aplikasyon sa yo bay responsab kredi SBA yo pou yo ka elijib pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon machin oswa ranplasman machin, ak depans pou demenajman ak pou mete bagay nan depo.

###

 

Tags:
Dènye mizajou