Ki sa ou dwe espere lè w anrejistre pou asitans pou katastwòf nan FEMA

Release Date Release Number
R4 DR-4337-FL NR 008
Release Date:
September 16, 2017

TALLAHASSEE, Fla. – Si w abite nan youn nan konte ki afekte ak katastwòf yo deziye nan Florid epi pwopriyete w domaje oswa pèdi dirèkteman akoz siklòn Irma, se pou anrejistre nan Ajans Federal pou Jesyon Kadijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) pou jwenn asistans pou katastwòf – menm si w gen asirans. Sa kapab yon etap enpòtan pou ka kòmanse pwosesis rekiperasyon an.

Ou ka anrejistre pou asistans nan fason ki pral site anba a:

  • Moun ki gen difikilte pou pale oswa ki soud epi ki itilize TTY ta dwe rele

                    800-462-7585.

  • Pou moun ki itilize 711 oswa Video Relay Service (VRS), rele 800-621-3362.
  • Nimewo telefòn gratis sa yo pral fonksyone apati 7 a.m. jiska 11 p.m. (EST) sèt jou pa semèn jiskaske yo bay lòt avi sou sa.

Ki sa ou dwe espere lè w anrejistre pou asitans pou katastwòf nan FEMA

Asistans FEMA bay moun ka genyen ladan l sibvansyon pou lwaye, lojman tanporè ak reparasyon kay prensipal kote yo rete, ansanm ak fon pou lòt bezwen grav ki gen rapò ak katastwòf la, tankou depans medikal, dantè oswa depans pou fineray. Si w gen asirans, FEMA ka toujou ede w avèk depans ki gen rapò ak katastwòf la kote polis asirans ou an pa kouvri tout depans yo oswa li pa kouvri yo ditou.

Aprè w fin aplike, yon enspektè FEMA pral kontakte w pou mete randevou pou yo fè yon enspeksyon. Jeneralman enspeksyon an pran ant 30 a 40 minit oswa mwens epi yo fè yon verifikasyon jeneral pou bagay ou pèdi ki gen rapò ak katastwòf la ansanm ak yon egzamen tit pwopriyete oswa dosye kay la. Ou pap peye anyen pou enspeksyon an.

Lè yon enspektè lojman FEMA vin vizite lakay ou, asire w yo montre w yon pyès idantifikasyon ki apwopriye. Tout enspektè FEMA yo genyen ensiy idantifikasyon byen klè ki gen foto yo sou li. Si w sispèk yon moun ap pran pòz li se yon enspektè lojman FEMA alòske se pa vre, rele liy asistans fwòd pandan katastwòf nou an (Disaster Fraud Hotline) nan 866-720-5721, oswa ou ka rele ofisye lapolis lokal yo.

Yonfwa pwosesis enspeksyon an fini, FEMA pral egzamine sitiyasyon w lan. Ou pral resevwa yon lèt pa imèl oswa pa lapòs, toudepan de preferans ou, ki pral fè w konnen desizyon nou te pran sou reklamasyon w lan. Pou plis enfòmasyon konsènan pwosesis enspeksyon an, ak dokimantasyon ou pral bezwen bay enspektè a, vizite paj  FEMA Individual Assistance Inspection Process la.

Se pou konnen ou ka resevwa yon vizit nan men plis pase yon enspektè pandan pwosesis rekiperasyon an. Anplis de enspektè lojman FEMA yo, reprezantan Administrasyon Ti Antrepriz Ozetazini (U.S. Small Business Administration), ofisyèl leta ak lokal ak enspektè pou kouvèti asirans prive vizite vwazinaj nan zòn ki afekte yo tou.

Pou plis enfòmasyon sou rekiperasyon vizite paj sitwèb FEMA mete sou pye pou siklòn Irma a nan www.fema.gov/hurricane-irma.

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ak premye entèvenan yo pou asire antanke yon nasyon nou travay ansam pou bati, mentni epi amelyore kapasite nou pou n prepare n pou tout danje, pwoteje kont tout danje, reponn a tout danje, rekipere de tout danje epi aleje tout danje.

Asistans pou rekiperasyon akoz katastwòf  la disponib san nou pa gade sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, konpetans nan lang anglè oswa estati ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA a ak sibvansyon pou depans pou transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa mande pou yon moun aplike pou prete lajan nan SBA. Sepandan, kandida ki resevwa aplikasyon pou prete lajan nan SBA dwe soumèt aplikasyon sa yo bay responsab kredi SBA yo pou yo ka elijib pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon machin oswa ranplasman machin, ak depans pou demenajman ak estokaj.

Tags:
Dènye mizajou