Kesyon yo Poze Souvan Operation Blue Roof

Release Date Release Number
R4 DR-4337-FL FS 001
Release Date:
September 17, 2017

K: Kisa Operasyon Twati Ble a ye [Operation Blue Roof]?

R: Operasyon Twati Ble se yon pwogram ke FEMA ofri grasa Corps Enjenyè Lame Ameriken pou mèt kay ak lokatè ki kalifye yo.  Li bay yon kouvèti tanporè an plastik ble pou redwi plis domaj nan kay la jiskaske yo ka fè reparasyon pèmanan.  Yo enstale fèy plastik ble a lè yo itilize bann an bwa ki sekirize twati a avèk klou oswa vis. Pwopriyetè/mèt kay yo dwe bay otorizasyon legal pou pèmèt kontraktè Corps yo gen aksè nan pwopriyete a lè yo siyen yon fòm Dwa Antre [Right of Entry (ROE)].

 

K: Kisa yon Dwa Antre ye?

R: Dwa Antre (ROE) se yon egzijans legal ki pèmèt travayè  Corps yo gen aksè a pwopriyete w la epi evalye domaj nan kay ou a. ROE a pèmèt ekip ki gen kontra yo travay nan twati w la.

 

K: Kijan yon pwopriyetè, mèt kay oswa lokatè jwenn yon Twati Ble?

R: Rele 1-888-ROOF-BLU (1-888-766-3258) oswa vizite sitwèb Distri Jacksonville la nan www.saj.usace.army.mil/BlueRoof  pou jwenn yon lokasyon kote yo kolekte Fòm Dwa Antre yo (ROE).

 

K: Kimoun ki ka jwenn yon Twati Ble?

R: Se sèlman aplikan yo ki abite nan rezidans prensipal ki gen twati estanda an bado ki kalifye pou resevwa yon twati ble tanporè. Twati an metal ak kay mobil yo ka repare kòm pratik sou yon baz ka-pa-ka. Twati yo ki gen plis pase 50 pousan domaj nan estrikti pa kalifye pou pwogram sa a.

 

K: Pandan konbyen tan jiskaske yon twati repare?

R: Corps a ap kouvri twati nan konte ki pi frape yo anvan.  Corps a ap reponn chak moun ki te ranpli yon ROE osi rapid ke posib. Yap vizite chak kay ki te siyen yon ROE.

 

K. Si yon kay nan lwaye, èske yon lokatè ka siyen yon fòm dwa antre?

R: Wi lokatè a ka siyen fòm nan, men li dwe gen yon lèt ki soti nan men mèt kay la ki deklare ke lokatè a gen pèmisyon pou siyen pou mèt kay la.

 

K.  Èske yap chaje asirans mwen pou travay la?

R: Pa gen chaj pou pwopriyetè owa mèt kay la. Toutfwa, ou ta dwe kontakte konpayi asirans lan. Yo ka vle dokimante domaj la epi ede avèk reparasyon pèmanan yo.

 

 

(PLIS)

 

Operasyon Twati Ble Kesyon Yo Poze Souvan– Paj 2

 

 

K:  Pandan konbyen tan yon Twati Ble ap dire?

R:  Materyèl plastik ranfòse ki rezistan a dlo ki fèt pou dire 30 jou.  Nou rekòmande pou mèt kay yo fè aranjman pou reparasyon twati pèmanan yo nan lespas 30 jou si posib.

 

###

 

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen ak sekouris nou yo pou asire ke antanke peyi nap travay ansanm pou bati, soutni ak amelyore kapasite nou pou prepare pou, pwoteje kont, reponn a, rekipere nan,  ak diminye tout danje yo.

 

Asistans pou rekipere nan Katastwòf disponib san konte sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, Konpetans Angle oswa estati ekonomik.  Si oumenm oswa yon moun ou konnen te sibi diskriminasyon, rele liy telefòn gratis FEMA nan  800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele  800-462-7585.

 

Asistans lojman tanporè FEMA ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa egzije pou moun nan aplike pou yon prè SBA. Toutfwa, aplikan yo ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo a yon ofisye prè SBA pou yo ka kalifye pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon veyikil oswa ranplasman, ak depans pou demenaje ak estoraj.

Tags:
Dènye mizajou