Fèy Enfòmasyon: Akizisyon Pwopriyete Apre yon Inondasyon

Release Date Release Number
DR-4393-NC FS 062
Release Date:
November 13, 2018

Si kay ou inonde akoz Siklòn Florence oubyen li inonde an plizyè fwa anvan sa epi ou ta renmen yo reyachte l nan men w, genyen kèk enfòmasyon enpòtan ou dwe konnen.

 

Apre prezidan an deklare yon katastwòf, fonksyonè lokal yo ka deside fè demann pou lajan nan men eta a pou achte pwopriyete ki te swa inonde oubyen ke yo detèmine ki gen gwo domaj.

 

Se eta a ki pran desizyon pou ofri opsyon pou reyachte a avèk lajan FEMA alwe atravè Pwogram Sibvansyon Mitigasyon Risk li a pou diminye pèt akoz katastwòf alavni.  Swasannkenz pousan nenpòt depans pou reyachte pwopriyete se FEMA ki peye li epi eta a ak/oswa gouvènman lokal la peye pou rès la.

 

Se pa yon pwosesis ki senp epi li mande pou fonksyonè gouvènman lokal ou yo, eta a ak FEMA dakò.  Li enpòtan pou w note ke plizyè pwopriyete ki inonde pa kalifye pou yo reyachte yo, finansman an limite epi demann pou finansman yo ka depase resous ki disponib yo.

 

Reyacha yo pa obligatwa epi pyès moun pa oblije vann pwopriyete yo.  Se yon pwosesis ki byen long epi yo pran anpil faktè an konsiderasyon anvan yo pran yon desizyon.  Kisa faktè yo ye ?
 

  • Apre yon katastwòf, eta a etabli priyorite sou kijan li pral depanse lajan mitigasyon FEMA li yo e li ka enkli oubyen li ka pa enkli akizisyon pwopriyete.
  • Fonksyonè lokal yo pral pran desizyon sou si wi ou non yo pral fè demann pou lajan nan men eta a pou yo achte pwopriyete ki inonde yo epi pwopriyetè ki enterese nan yon reyacha ap eksprime enterè yo atravè manadjè ijans lokal yo a oubyen administratè zòn inondab yo a.
  • Eta a pral revwa demann yo epi li pral detèmine kominote yo pral konsidere pou reyacha yo.
  • Kominote ki enterese nan reyacha yo dwe soumèt lèt yo bay eta a epi eta a pral revwa pwopozisyon yo.
  • FEMA ap revwa tout pwopozisyon yo pou l asire li yo suiv règleman yo e ke pwopozisyon yo efikas sou plan ekolojik epi ke yo rantab.

Kijan m ap konnen si pwopriyete pa m nan kalifye ?

 

Fonksyonè lokal yo pral fè detèminasyon si wi ou non kay ou ap enkli nan demann pou reyacha a. Objektif yon reyacha se pou minimize pèt akoz inondasyon alavni.  Pou yo kalifye, jeneralman pwopriyete yo dwe nan Zòn Risk Espesyal pou Inondasyon epi yo dwe se rezidans prensipal.

 

Yo konsidere kay mwen kalifye, ki pwochen etap la?

 

Si yon kay kalifye pou yo achte li, y ap fè pwopriyetè kay la yon òf nan valè jis sou mache a anvan katastwòf pou pwopriyete a dapre sa yon evalyatè ki sètifye detèmine.  Genyen yon pwosesis kontestasyon ki disponib pou pwopriyetè kay ki pa dakò avèk valè ekspètiz pwopriyete a.

 

Anvan pwopriyetè kay la kapab resevwa lajan lavant la, y ap retire nenpòt lajan Asistans Endividyèl FEMA oubyen asirans inondasyon te bay pou repare kay la epi ki pa t sèvi. Yo ankouraje pwopriyetè kay yo pou yo kenbe tout resi pou reparasyon yo fè pou asire dediksyon yo fèt kòrèkteman.

 

Si pwopriyetè kay la dwe yon ipotèk sou kay la toujou, y ap retire balans li dwe a epi y ap peye kreyansye ki gen tit pwopriyete a. Apre peman obligatwa(yo) fin fèt, y ap demoli estrikti a epi y ap bay gouvènman lokal la papye tè a epi itilizasyon teren an limite pou l sèvi kòm espas lib. Teren an dwe rete lib endefiniman.

 

Pwojè yo pa apwouve akoz finansman ki limite yo rete nan dosye yo sizoka ta vin gen finansman disponib alavni.

 

###

 

Tags:
Dènye mizajou