Aplike pou Operasyon Do Kay Ble nan de Nouvo Kote

Release Date Release Number
R4 DR-4337-FL NR 013
Release Date:
September 18, 2017

TALLAHASSEE, Fla. – Pwopriyetè kay kalifye ki te gen domaj sou do kay yo akòz Ouragan Irma kounye a gen de lòt kote yo kapab aplike pou Operasyon Do Kay Ble ak ranpli fòm Dwa pou Antre (Right of Entry, ROE) k ap pèmèt anplwaye kontraktè gouvènman an antre nan pwopriyete yo pou evalye domaj yo epi pou yo enstale yon kouvèti pou yon ti tan.

 

Nouvo sant ranmasaj ROE yo louvri nan:

 

Konte Miami-Dade County:

Lowe's Home Improvement

1850 NE 8th St., Homestead, FL

 

Konte Hillsborough:

Seffner-Mano Branch Library

410 N. Kingsway Rd., Seffner, FL

 

Lòt sant ranmasaj ROE yo chita nan:

Konte Collier

2800 North Horseshoe Dr.

Naples, FL 34104

 

The Growth Center

310 Alachua St.

Immokalee, FL 34142

 

Konte Lee

Lowe’s Home Improvement

8040 Dani Dr.

Fort Myers, FL 33966

 

Konte Pinellas

12629 Ulmerton Rd.

Largo, FL 33774

 

Konte Sarasota

Bee Ridge Park

4430 South Lockwood Ridge Rd.

Sarasota, FL 34231

 

Tout sant yo louvri depi 8 a.m. jiska 6 p.m., sèt jou pa semèn jouk lè gen avi kontrè.

 

Operasyon Do Kay Ble k ap ede pwopriyetè kay ki kalifye yo avèk reparasyon do kay yo pou yon ti tan, se yon pwogram Ajans Federal pou Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) afekte pou Inite Enjenyè Fòs Lame Etazini (U.S. Army Corps of Engineers ,USACE), Distri Jacksonville, pou egzekite.

 

Pwogram sa a disponib gratis pou pwopriyetè kay prensipal ki nan konte Broward, Charlotte, Collier, DeSoto, Glades, Hardee, Hendry, Highlands, Hillsborough, Lee, Manatee, Miami-Dade, Monroe, Palm Beach, Pinellas, Polk, ak Sarasota. Nou ka ajoute kèk lòt konte pita.

 

Se sèlman rezidans prensipal ki gen twati bado estanda ki kalifye pou resevwa yon twati ble pwovizwa. Nou ka repare twati metal yo ak kay mobil yo lè sa posib sou yon baz ka-pa-ka. Twati ki gen domaj ki pi gwo pase 50 pousan domaj nan fondasyon kay la pa kalifye pou pwogram sa a.

 

Pou pwopriyete ki nan lokasyon, nou dwe jwenn pèmisyon legal mèt pwopriyete a pou nou enstale yon twati ble. Lokatè yo dwe jwenn pèmisyon legal pou yo kontinye rete nan kay yo jouk lè yo fè reparasyon pèmanan yo.

 

USACE te enstale premye twati pwovizwa pou pwogram Operasyon Do Kay Ble nan dat 16 septanm nan Konte Collier.

 

Enfòmasyon sou Operasyon Do Kay Ble disponib sou sitwèb Distri Jacksonville nan www.saj.usace.army.mil/BlueRoof,epi nan lang Anglè ak Panyòl nan nimewo 888-ROOF-BLU (1-888-766-3258).

 

###

 

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen ak premye repondè nou yo pou asire n ap travay ansanm antan yon peyi, pou devlope, sipòte ak amelyore kapasite nou pou prepare pou tout danje, bay pwoteksyon kont danje, bay repons pou danje yo, retabli nou apre yo, epitou minimize yo.

 

Gen asistans pou reparasyon apre katastwòf ki disponib san konsiderasyon ras, koulè, relijyon, si ou se fanm oswa gason, laj, andikap, konpetans nan lang Angle oswa sitiyasyon ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan nimewo 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.

 

Asistans lojman FEMA pou yon ti tan ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans pou swen medikal ak swen dantè, ak depans pou sèvis finerè ak antèman pa egzije moun pou yo aplike pou yon prè SBA. Men, aplikan ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo ba ofisye kredi SBA pou yo kapab kalifye pou asistans ki garanti byen pèsonèl, reparasyon oswa ranplasman veyikil, ak depans pou amenaje ak depo.

###

 

Tags:
Dènye mizajou