Anpil Ajans Piblik ak Prive ap Travay pou Retabli Resous Kiltirèl nan Zile Vyèj Ameriken

Release Date Release Number
117
Release Date:
April 5, 2018

ST. CROIX, Zile Vyèj—Tras istwa long Zile Vyèj yo te prezève nan achitekti ak nan atizana.  Anpil nan bagay sa yo te domaje, pafwa yo te sibi gwo dega nan sèten ka, aprè pasaj siklòn Maria ak Irma. Men se pa tout bagay ki te pèdi. Anpil jans ap kolabore pou asire zile yo kapab retabli, jan sa posib, resous kiltirèl enpòtan sa yo.

Anba lidèchip Biwo Konsèvasyon Istorik Eta Zile Vyèj la (Virgin Islands State Historic Preservation Office), Divizyon Bibliyotèk, Achiv ak Mize (Division of Libraries, Archives and Museums), Konsèy pou Boza (Council on the Arts), ansanm ak Ajans Teritoryal Jesyon Ijans Zile Vyèj (Virgin Islands Territorial Emergency Management Agency) avèk èd ajans federal yo, aktivite idantifikasyon ak evalyasyon pwoproiyete istorik, objè ak atizana deja kòmanse.


Pami estrikti siklòn te domaje yo te deja enspekte, gen ladann Egliz Monrovyen St Croix’s Friedensfeld Midlands Moravian Church ki te konstwi nan lane 1854; pami tout pwoblèm legliz la genyen kounye an, twa tètkay la domaje, kanalizasyon pou evakye dlo ki sou twa a ak goutyè yo pa la ankò epi pano lateral yo te sibi gwo domaj. Nan lekòl East End Schoolhouse ki nan St. John ki te konstwi nan lane 1862, siklòn ane pase yo te agrave deteryorasyon ki te deja genyen an. Nan Charlotte Amalie, Bibliyotèk Piblik Enid Baa (Enid Baa Public Library and Archives) nan Lange Building la kounye an; yo te konstwi li vè lane 1800 kòm premye bilding ki rezistan kont dife nan vil la. Goutyè li yo te sibi domaj akòz van ak debri yoki te tonbe; gen kèk domaj anndan an tou dlo a te lakòz epi sistèm lè kondisyone a pa mache.

Pwogram FEMA yo pou Planifikasyon Anviwònmantal ak Konsèvasyon Istorik (Environmental Planning and Historic Preservation), Asistans Piblik (Public Assistance), Rediksyon Risk (Mitigation), ak Kowòdinasyon Redrèsman Entè-ajans (Interagency Recovery Coordination) ansanm ak Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U.S. Small Business Administration), ap sipòte travo restorasyon ak reparasyon ou tout moniman ak objè istorik ki nan Zile Vyèj Ameriken.

Pami lòt ajans federal k ap patisipe nan aktivite evalyasyon resous kiltirèl epi ki sipòte Depatman Enteryè (Department of the Interior), gen Administrasyon Nasyonal Achiv ak Dokiman (National Archives and Records Administration), ak Estitisyon Smithsonian (Smithsonian Institution). FEMA ak Smithsonian lan ap ko-esponsorize Ekip Entèvansyon Nasyonal Ijans pou Pwoteksyon Eritaj Istorik (Heritage Emergency National Task Force), yon patenarya ant 42 òganizasyon sèvis nasyonal ak ajans federal yo te kreye pou pwoteje eritaj kiltirèl kont domaj dezas natirèl ak lòt itiyasyon ijans gendwa fè yo sibi. Epitou, gen sèten òganizasyon ki pa pou fè pwofi ak fondasyon k ap ofri prè lajan pou retabli resous kiltirèl ki domaje.

Ofisye Redrèsman aprè Dezas FEMA, Ken Rathje, deklare: “Pa gen okenn dout, siklòn yo te fè gwo-gwo dega nan tout Teritwa a. Jan lalwa a otorize l, FEMA ansanm ak lòt resous federal pral ofri sipò pou kapab restore eritaj istorik zile yo. Chak fwa sa posib, nou pral bay èd nou pou amelyore kapasite resous kiltirèl yo pou yo kapab sipòte gwo tanpèt lameteyo pi devan.”

 

# # #

 

Swiv nou sou twitter nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

 

Egliz Moravyèn St. Croix, Friedensfeld Midlands Moravian Church, te konstwi nan lane 1854. Pami pwoblèm ki genyen, twa tètkay la domaje; kanalizasyon pou evakye dlo sou twa a ak goutyè yo pa la ankò epi pano lateral yo domaje. Se Rebecca Cybularz ki fè foto a

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 
  

 

 

Tags:
Dènye mizajou