Fason pou Ajoute Bèt Ou yo nan Preparasyon pou Katastwòf

Release Date Release Number
142
Release Date:
July 24, 2018

U.S. Virgin Islands – Bèt kay yo pa kapab planifye davans pou tèt yo, men lè moun yo  ajoute yo nan plan preparasyon fanmi yo pou katastwòf, tout moun gen plis chans pou yo siviv ansanm.

Men kèk ti konsèy sou preparasyon pou katastwòf  pou bèt kay yo:

  • Si bèt kay pèdi, etikèt li se tikè li genyen pou li retounen nan kay la. Asire etikèt idantifikasyon bèt kay ou ajou, epi asire yo tache solid nan kolye bèt la. Si li posib, tache adrès ak/oswa nimewo telefòn yon lòt pou kontakte sizoka yo pa kapab jwenn ou. Ou kapab tache nan kolye bèt la yon pochèt enpèmeyab ki gen enfòmasyon idantifikasyon bèt la.
  • Anvizaje enplante yon pis elektwonik avèk tout enfòmasyon yo sou li anba po bèt la. Yon veterinè oswa yon abri pou bèt kapab fè pwosedi a, men ou dwe anrejistre pis elektwonik lan tou.
  • Nan yon sache oswa yon resipyan enpèmeyab, mete dokiman enpòtan bèt la, tankou papye adopsyon, dosye vaksinasyon, orè pou bay bèt la manje, nòt sou pwoblèm konpòtman ak enfòmasyon pou kontakte veterinè a.
  • Ale avèk yon foto ou te fè avèk bèt la epi mete foto a nan resipyan enpèmeyab la. Sizoka ou separe avèk bèt la, ou kapab montre sa bèt kay ou sanble epi w ap gen prèv ki montre bèt la se pou ou lè yo jwenn li.
  • Pote ase atik, manje, dlo nan boutèy ak medikaman pou bèt la pou omwen yon semèn, ansanm avèk yon kle pou louvri bwa manje a. Konsève manje konsèv oswa manje seche nan resipyan ki byen fèmen epi mete yon kle pou Louvri bwat la alamen.
  • Pwokire ou atik sanitasyon tankou kaj chat, bwat pou mete dechè, sache fatra, jounal ak sèvyèt papye. Ou kapab jwenn yon lis atik ki nesesèsou sitwèb https://www.ready.gov/make-a-plan.
  • Si ou planifye pou pran abri anplas, idantifye zòn ki pi pwoteje lakay ou kote tout moun kapab rete ansanm. Mete tout atik pou ijans yo nan chanm sa a davans, ansanm ak bwat ak atik bèt ou.
  • Yon bèt kay ka bezwen yon panye transpò oswa kaj pèsonèl, ki ta dwe gwo ase pou li kanpe ak bouje andedan li.
  • Zwazo, pwason, reptil ak anfibyen ki sèvi kòm bèt kay gen bezwen siplemantè. Rasanble atik bèt yo nan twous sivi ou epi planifye davans fason ou pral pran abri anplas oswa deplase vit, tankou asire ou gen kaj pou pote bèt yo ak nenpòt ekipman espesyal yo ka bezwen.

Mete bèt kay ou yo nan Planifikasyon pou Ijans ou

  • Fè yon lis sant pansyon ak klinik veterinè ki ta kapab bay bèt o yo abri nan ijans katastwòf yo.
  • Devlope yon sistèm youn-ede-lòt avèk vwazen, zanmi oswa manm fanmi ou pou asire yon moun disponib pou pran swen bèt kay ou oswa pou deplase avèk yo si ou pa kapab fè sa. Pale avèk moun k ap pran swen bèt kay ou konsènan plan deplasman yo, epitou montre yo kote ou konsève twous pwovizyon bèt kay ou pou ijans.
  • Epitou chwazi sèten kote, yon kote ki nan katye imedyat ou ak yon lòt kote ki lwen, kote w ap rankontre avèk moun ki nan gwoup ou lè gen ijans.

 

Preparasyon pou Pi Gwo Bèt

Moun ki gen pi gwo bèt tankou cheval, betay, mouton, kabrit oswa kochon ta dwe planifye tou pou bèt sa yo:

  • Asire tout bèt yo gen yon fòm idantifikasyon.
  • Deplase bèt yo kèlkeswa lè li posib. Pwograme wout primè ak wout segondè ou davans.
  • Asire machin ak trelè pou pote bèt yo ak responsab ak chofè k
    ki gen eksperyans yo disponib
  • Asire kote ou prale yo gen manje, dlo, swen veterinè ak ekipman manipilasyon.

Lòt Resous

# # #

Misyon FEMA se pou ede moun yo anvan, pandan ak apre yon katastwòf.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl sou efò sekou apre ouragan yo, tanpri ale sou sitwèb www.informusvi.com oswa www.usviupdate.com. Swiv nan medya sosyal nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands. Pou jwenn plis enfòmasyon sou Ajans Preparasyon pou Ijans nan Teritwa Virgin, ale sou sitwèb http://www.vitema.vi.gov/. Pou enskri pou resevwa alèt pou ijans, ki asosye avèk move tan, sekirite piblik ak deranjman nan sèvis nan Virgin Islands, enskri pou Alert VI oswa kopyehttps://member.everbridge.net/index/892807736729008#/login nan navigatè sitwèb ou. 

Pou fè don oswa pou sèvi kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa òganizasyon charite ou chwazi avèk your Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif nan Katastwòf  (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) sou sitwèb  www.nvoad.org.  Pou moun ki vle ede, ofri don lajan kach pou ajans volontè yo, pi gwo fleksibilite nan jwenn resous ki pi nesesè yo epi ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo jwenn sekou. Fondasyon Kominote Virgin Islands genyen e “Fund for the Virgin Islands” tou sou sitwèb www.USVIrecovery.org.

Tags:
Dènye mizajou