Pwopriyetè Kay yo Pral Gen jiska 1ye Jen pou Enskri nan Pwogram Reparasyon FEMA an

Release Date Release Number
126
Release Date:
May 7, 2018

ST. CROIX, Zile Vyèj – Pwopriyetè kay yo ki gen yon lojman pou plizyè fanmi ki bezwen reparasyon epi ki dakò pou lwe lojman yo bay sivivan siklòn ki kalifye yo gen jiska 1ye jen pou enskri nan Pwogram Lokasyon bay Plizyè Fanmi ak Reparasyon FEMA (Multi-Family Lease and Repair Program, MLRP) an.

Pwogram sa a bay lajan pou fè reparasyon pou inite lojman yo lwe yo vin abitab ankò, epi an menm tan pwogram lan ede sivivan siklòn Irma ak Maria yo.

Men kijan li mache: FEMA gendwa fè yo repare pwopriyete a grasa yon antreprenè tyè oswa pwopriyetè kay la gendwa chwazi pou fè travo reparasyon yo avèk pwòp bòs pa li yo, kou tout moun  mete yo dakò sou kalite reparasyon yo dwe fè ak sou pri an. Reparasyon oswa amelyorasyon yo pou fè inite lojman yo vin abitab pa bezwen gen pou wè ak mezi kont siklòn oswa inondasyon. Yo pral dedwi valè travo yo nan valè kontra lokasyon an, epi yo pa kapab depase valè total la.

Pou kalifye pou lajan MLRP, se pou pwopriyete w satisfè sèten kritè.

  1. Li dwe gen de (2) inite oswa plis avèk omwens yon inite ki disponib pou li ka kalifye tankou yon lojman pou plizyè fanmi. Chak inite dwe gen enstalasyon abitab ki endepandan pou youn oswa plizyè moun, ikonpri enstalasyon pèmanan pou sejou, dòmi, kwit manje ak enstalasyon sanitè.
  2. Se pou moun te konn lwe inite lojman an deja anvan sa.
  3. Li dwe St. Croix, St. John oswa St. Thomas.
  4. Ou dwe dakò pou omwens youn inite ki repare owa amelyore aksesib pou aplikan ki gen yon andikap oswa lòt bezwen espesyal pou aksè oswa bezwen fonksyonèl espesyal.

Epitou, se pou pwopriyete a aksesib pou sèvis kominotè tankou lekòl ak magazen alimantè, epi pou li pa sitye nan yon zòn ki gen tandans gen inondasyon. FEMA pa egzije yon kontra lokasyon pou itilizasyon eksklizif pwopriyete a antanke lojman tanporè. Se pou pwopriyetè pwopriyete a òganize tout sèvis administrasyon pwopriyete a, epi reparqasyon yo dwe respekte kòd konstriksyon lokal yo.

Sonje pa rete anpil tan pou patisipe nan Pwogram Lokasyon bay Plizyè Fanmi ak Reparasyon an. Si ou se yon pwopriyetè yon pwopriyete ki ta renmen yo konsidere pwopriyete w pou paogram sa a, voye yon imèl nan adrès sa a: FEMA-USVI-MLR@fema.dhs.gov.

# # #

Misyon FEMA se pou sipòte moun anvan, pandan ak aprè dezas yo.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl osijè aktivite redrèsman yo aprè pasaj siklòn yo, tanpri al gade nan  www.informusvi.com oswa www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter nan twitter.com/femaregion2 ak  www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands

 

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

 

Tags:
Dènye mizajou