Ekipman Medikal Dirab Fenk Rive pou Zile Vyèj Ameriken

Release Date Release Number
116
Release Date:
April 4, 2018

ST. CROIX, Zile Vyèj – Kenz (15) palèt ekipman medikal dirab yo bay an donasyon – kabann lopital, chèz woulant, chèz nan douch, wakè, baton, ponp pou opresyon, machin CPAP ak monitè pou iveye tansyon – fenk rive St. Croix.

Ajans volontè yo, Gwoup Redrèsman Alontèm nan Zile Vyèj Ameriken (USVI Long Term Recovery Groups) ansanm ak FEMA ap travay ansanm pou redistribye ekipman bay sivivan ki bezwen yo.

Se asosyasyon Zanmi Adilt ak Timoun Andikape (The Friends of Disabled Adults and Children, FODAC) ki te fè kado ekipman an. Good360.org ak GotLift te òganize ekspedisyon ak livrezon an rive nan teritwa a. Egliz kretyèn St. Croix Christian Church te peye pou transpò palèt livrezon yo apatide pò Frederiksted jiska nan yon depo FEMA.

 

###

Misyon FEMA se pou sipòte moun anvan, pandan ak aprè dezas yo.

Swiv nou sou twitter nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

 

 

Tags:
Dènye mizajou